Ansyen eli depatman Sant lan, Francisco De La Cruz arete lendi 19 janvye 2026 la an Repiblik dominikèn anvan yo remèt li a otorite polisyè ayisyèn yo nan nivo fwontyè nò ant de peyi yo.

Se komisè prensipal Léonard Anténor ki se responsab Polifront nan Nòdès ki konfime enfòmasyon an pou jounal Le Nouvelliste. « Otorite dominikèn yo remèt nou ansyen senatè Francisco De La Cruz, ki arete lendi a nan tèritwa vwazen an », se sa komisè a deklare nan laprès lokal.

Arestasyon ansyen senatè Francisco De La Cruz an Repiblik dominikèn : nouvèl la rapidman pwopaje toupatou. Lendi 19 janvye 2026 la, otorite dominikèn yo remèt a Polis Nasyonal Ayiti (PNH) ansyen senatè Sant lan, Francisco De La Cruz, ki arete nan tèritwa vwazen.

Daprè enstriksyon ki resevwa, ansyen palmantè a dwe transfere nan Sèvis depatmantal polis jidisyè (SDPJ) nan Nò pou suit nesesè yo.

N ap raple, Francisco De La Cruz, an 2024, te epengle pa Inite Lit kont Kòripsyon (ULCC) nan yon ankèt ki vize plizyè palmantè ki genyen soupson sou yo kòm moun ki genyen nan men yo materyèl ki se pwopriyete Sant nasyonal ekipman yo (CNE). Komisè gouvènman an te tande ansyen senatè a men okenn pousuit jidisyè p at angaje kont li.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841