Concacaf U-17 Championship. Seleksyon ayisyèn foutbòl U-17 bò kote gason yo ap dispite eliminatwa mondyal nan kategori laj sa nan peyi Gwatemala sòti jedi 5 pou bout madi 10 fevriye 2026.

Kalandriye Ayiti pou eliminatwa mondyal gason U17 la.
Jedi 5 fevriye : 5è pm : Ayiti vs Grenade ;

Samdi 7 fevriye : 6è pm : Antigwa ak Babida vs Ayiti ;

Madi 10 fevriye : 8è pm : Ayiti vs Gwatemala.

N ap presize, venkè gwoup la ap kalifye pou faz final Koupdimonn Kata 2026 la.

Kite nou raple, seleksyon nasyonal Ayiti U-17 la ap pousuiv preparasyon li yo, anba direksyon antrenè Kovsky Saint-Vil. Ayiti jwe plizyè match zanmitay pou kontinye ak preparasyon li pou patisipasyon l nan eliminatwa zòn CONCACAF yo k ap mennen nan faz final Mondyal maskilen U17 FIFA k ap dewoule yon lòt fwa nan peyi Kata nan fen lane 2026 la.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841