Premye tou gwoup C eliminatwa mondyal feminen U17 la ap fèt nan Kiraso sòti dimanch 25 janvye rive lendi 2 fevriye 2026.
An nou wè kalandriye seleksyon Ayiti bò kote medam U17 yo : Dimanch 25 janvye 2026 : 6è pm : Ayiti vs Antigwa ak Babida ;
Madi 27 janvye 2026 : 6è pm : Sent Lisi vs Ayiti ;
Samdi 31 janvye 2026 : 6è pm : Yl Kayiman vs Ayiti ;
Lendi 2 fevriye 2026 : 6è pm : Ayiti vs Gwatemala.
Men lis Ayiti pou premyè faz eliminatwa Koupdimonn U-17 2026 la. 21 jwez seleksyone pami yo 7 ap evolye an Ayiti. Nou ka site kòm egzanp Kerdina Lamour.
Ekip sa ap antrene pa Frenoy Baptiste, avèk Widler Bazile kòm asistan. Stenio Amilcar (preparatè fizik) ak Fuento Pierre (antrenè gadyèn yo) fè pati estaf la tou.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE