Nan yon kominike depatman deta ameriken pibliye dimanch 25 janvye 2026 la, gouvènman ameriken an anonse li koupe viza 2 Konseye Prezidansyèl nan KPT a, madanm yo ak tout pitit yo. Desizyon sa a vini tousuit aprè 5 manm KPT a fin siyen yon rezolisyon ki vize chanje premye minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé.
Depatman Deta Etazini pran mezi pou enpoze restriksyon viza epi revoke viza de (2) manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), ansanm ak viza fanmi pwòch yo (mari/madanm ak pitit yo). Mezi sa yo pran akoz patisipasyon manm CPT a nan sipòte gang ak lòt òganizasyon kriminèl ann Ayiti, sitou atravè entèferans yo nan efò gouvènman ayisyen an ap fè pou konbat gang Etazini klase kòm òganizasyon teworis etranje (FTO). Sa ekri nan yon kominike Depatman Deta ameriken, atribiye ak pòtpawòl adjwen Depatman Deta a, Thomas Pigott, dimanch 25 janvye 2026.
Aksyon sa a pran an aplikasyon atik INA 212(a)(3)(C), ki jeneralman entèdi antre sou teritwa Etazini pou moun ki vini oswa aktivite yo pwopoze a ka gen konsekans grav sou politik etranjè Etazini, dapre kominike a.
« Etazini rete angaje pou soutni estabilite Ayiti epi pou kolabore ak otorite ayisyen yo nan konbat vyolans gang yo nan peyi a. Pèp ayisyen an deja soufri twòp anba vyolans gang yo, destriksyon ak konfli politik. Administrasyon Trump la gen entansyon ankouraje responsablite pou moun ki kontinye destabilize Ayiti ak rejyon an », dapre sa kominike a di.
Non moun ki konsène yo pa revele. Men, pandan semèn nan, gouvènman ameriken an te fè konnen ke “moun k ap destabilize peyi a konsidere kòm gang”. Yo te anonse sanksyon tou.