Pati Ayisyen pou Demokrasi (PHD), nan yon nòt ofisyèl li pibliye dimanch 25 janvye 2026 la, di li trè konsène fas ak kriz miltidimansyonèl k ap frape peyi a, epi renouvle sipò li pou tout demach nasyonal ki vize retabli sekirite ak òganize eleksyon lib, kredib ak enklizif.

Pati a lanse yon apèl pou dyalòg politik ak konsètasyon nasyonal, nan objektif pou rive jwenn yon solisyon Ayisyen dirab, ki chita sou respè lòd konstitisyonèl la ak enterè jeneral la.

Li ensiste tou sou nesesite pou yon retablisman reyèl souverènte nasyonal la, yon kondisyon li konsidere kòm endispansab pou aparisyon yon konsansis politik ak pou òganizasyon eleksyon lib, san okenn fòm entèferans etranje.

Finalman, PHD repete atachman li ak Akò politik 3 avril 2024 la, epi li lanse yon apèl bay aktè politik yo ansanm ak sosyete sivil la pou yo fè prèv responsabilite ak lespri konpwomi.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841