Nan okazyon 4èm jounen playoffs Lig Ayisyèn Foutbòl la, plizyè rankont te nan pwogram nan samdi 24 ak dimanch 25 janvye 2025 la.
Nan pak Sténio Vincent, Racing Football Club Gonayiv te resevwa Ouanaminthe FC, yon match ki fini (0-0).
Nan pak Félix Saint-Victor Kap-Ayisyen, AS Capoise ak Baltimore SC fè match nil (2-2). Se Bertrand Vilgrain (40e) ak Marc Hélor Alcénat (90e) ki enskri 2 gòl Vieux Coq Capois yo, tandiske Dupiton Stravinsky sou penalty (53e) ak Eddyson Dorcélant (72e) make gòl pou ekip 4X4 la.
Nan samdi 24 janvye, Violette Athlétic Club fè (1-1) ak Cavaly AS nan pak Sainte-Thérèse. Dorley Evens Jean louvri eskò nan tan adisyonèl premyè peryòd la (46e+2) pou vizitè yo, anvan Desjean Elyvens egalize pou Vieux Tigres yo nan 86e minit.
Pou fini, Racing Club Haïtien ak Juventus FC Okay separe dozado (2-2). Sylvain Ronald (54e) ak Peterson Seïde (73e) fè gòl pou Vieux Lions yo, tandiske Kervens Romélus ofri 2 gòl (51e, 89e) pou ekip << Solo >> a.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE