Samdi 24 janvye 2026, anba lidèchip Marc-Albert CALIXTE yon fòmasyon espesyal, ki pa t tankou fòmasyon òdinè yo, te fèt nan lokal Bibliyotèk Minisipal Ench. Se te yon inisyativ inovatè ki make yon gwo pa nan sansibilizasyon sou pwoteksyon anviwònman an nan Depatman Sant lan.
Pou premye fwa nan Depatman Sant peyi a, Organisation des Éco-Citoyens pour une autre Haïti (OEAH) reyalize yon fòmasyon sou jesyon fatra pou vennkat (24) jèn, kote li te inisye jèn vil Ench yo sou fason pou transfòme dechè plastik an gaz, gras ak yon pwosesis modèn yo rele piwoliz.
Pandan jounen an, patisipan yo te benefisye yon fòmasyon trè enstriktif sou plizyè aspè fondamantal nan jesyon fatra, tankou :
definisyon fatra,
diferan kalite fatra ki egziste,
kòd fatra yo,
ansanm ak itilizasyon yo selon prensip 3R-VE a.
Prensip 3R-VE a chita sou :
Rediksyon fatra depi nan menaj yo,
Resiklaj,
Reyitilizasyon,
Valorizasyon fatra yo,
epi Eliminasyon fatra ki pa ka trete ankò.
Fòmasyon an te jwenn yon gwo apresyasyon nan men jèn patisipan yo. Yo te montre anpil enterè, patisipe aktivman nan diskisyon yo, poze kesyon, pataje ide, epi eksprime satisfaksyon yo fas ak kontni fòmasyon an.
Plizyè jèn te lanse apèl pou fòmasyon sa a elaji, pou li ka fèt nan lekòl yo, nan meri yo, ak nan lòt kominote atravè Depatman Sant lan, e menm nan tout peyi a. Dapre yo, inisyativ sa a kapab kontribye anpil nan pwoteksyon anviwònman an ak nan rechèch solisyon dirab pou pwoblèm fatra an Ayiti.