An prezans plizyè otorite lokal ak aktè kle nan kominote a, OREPA Sant/ DINEPA, lanse ofisyèlman yon gwo pwojè reyabilitasyon ak konstriksyon enfrastrikti dlo potab nan komin Mayisad lendi 26 janvye 2026 la.
Pwojè sa a benefisye sipò plizyè patnè entènasyonal tankou UNICEF ak Bank Entèameriken Devlopman (BID), atravè Projet d’Accompagnement aux OREPA pour la Réalisation des Activités dans les Zones Rurales et Péri-Urbaines, ki lye ak pwogram PAP 3 ak Grand-Nord, epi ki finanse pa BID.

Lansman pwojè a fèt lendi 26 janvye 2026, anba tèm :
“Konsiltasyon piblik ak lansman travay konstriksyon ak/oswa reyabilitasyon”.

Nan entèvansyon li, Direktè Rejyonal OREPA Sant lan, Mesye Frantz BELLEGARDE, fè konnen pwojè a gen pou objektif amelyore aksè popilasyon mayisadyèn nan ak dlo potab. Dapre li, ekip la pral reyabilite yon kaptaj dlo ki gen kapasite 160 mèt kib, ki te konstwi depi 1984, epi konstwi yon nouvo kaptaj ki gen kapasite 260 mèt kib, pou ogmante kantite dlo ki disponib pou kominote a.

Pou pati pa li, Enjenyè Lubin LANSE, responsab teknik pwojè a, lanse yon apèl bay tout popilasyon an pou yo fè yon bon jesyon dlo a, afen pou plis moun ka benefisye sèvis la sou yon baz dirab.

Otorite lokal yo, pami yo kazèk seksyon an, eksprime satisfaksyon li epi souliye enpòtans pou pwojè a rive abouti, paske popilasyon Mayisad la ap soufri depi plizyè lane ak pwoblèm dlo. Li raple se sitou pandan sezon lapli moun yo jwenn dlo, tandiske nan sezon sechrès la, anpil sitwayen oblije monte mòn ak desann ravin san yo pa jwenn dlo ditou.

Nan menm sans lan, responsab yo envite tout manm popilasyon an direktè lekòl, elèv, òganizasyon ak gwoup kominotè pou patisipe aktivman nan aktivite rebwazman ki pral fèt alantou 22 mas, kote yo prevwa plante pye bwa tankou mapou, twonpèt, ak lòt espès, pou pwoteje sous dlo yo epi kenbe yon bon kouvèti forè.

Finalman, responsab yo raple ke zafè dlo se zafè tout moun. Yo lanse yon apèl pou solidarite ak kolaborasyon ant tout aktè yo, pou pwoteje anviwònman an epi garanti sous dlo yo kontinye bay dlo potab pou jenerasyon jodi a ak demen.
Joseph Samuel Guillaume, Centre à la UNE!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841