Seleksyon Sasyonal U-17 gason Ayiti a sou direksyon antrenè Kovsky Saintvil, antre nan dènye faz preparasyon li dimanch 25 janvye pase a, nan depatman Nòdès peyi Ayiti, plis presizeman nan vil Wanament, sou enstalasyon klèb lokal Vapor.
Angaje nan eliminatwa Koup di Mond FIFA U-17, ki pral dewoule nan Gwatemala, ekip la te lanse preparasyon li nan Pòtoprens depi nan kòmansman mwa janvye a. Gwoup la te kòmanse ak plis pase 35 jèn jwè, men aprè diferan evalyasyon teknik, se 20 jwè, pami yo 3 gadyen, ki fè deplasman an pou rive Wanament samdi 24 janvye pase a.
Nan jou k ap vini yo, anviwon kat (4) jwè ki evolye aletranje ap vin ranfòse gwoup la. Preparatè fizik Garcia Xatrat Gabriel ap rive tou nan peyi a pou konplete estaf teknik la.
Ayiti, ki te deja patisipe nan dènye Koup di Mond U-17 la nan Kata, genyen pou objektif reyalize yon nouvo kalifikasyon nan faz sa a. Ti Grenadye yo pral kòmanse kanpay yo kont Grenad 5 fevriye, anvan yo rankontre Antigwa 7 fevriye, epi Gwatemala, ekip òganizatè a, 10 fevriye.
Delegasyon seleksyon nasyonal U-17 la genyen pou kite peyi a 2 fevriye pou pran direksyon Gwatemala.
Jacky Medé Fontaine, Centre à la UNE