Yon etid ministè Komès ak Endistri (MCI) prezante ofisyèlman vandredi 30 janvye 2026 vin souke konfyans konsomatè yo seryezman. Rezilta yo montre dlo k ap vann nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan pa bon pou konsomasyon. Daprè rapò a, plis pase 92 % dlo an sachet, an bonbonn ak dlo ki soti nan estasyon tretman yo kontamine ak mikwòb, e nan plizyè ka, ak matyè fekal. Sitiyasyon sa a mete plizyè milyon Ayisyen an danje grav sou plan sante.

Dèyè chif frèt sa yo, gen yon reyalite imen ki vrèman boulvèsan. Chak jou, fanmi antye, timoun, granmoun aje ak travayè ap konsome dlo sa a, kwè li san danje paske yo vann li kòm dlo “trete” oswa “potab”. Men an reyalite, selon otorite MCI yo, dlo sa a ka favorize pwopagasyon maladi ki transmèt pa dlo epi vin agrave plis toujou frajilite sistèm sante ayisyen an.

Seremoni prezantasyon rapò a te fèt an prezans plizyè gwo responsab Leta ayisyen an. Pami yo te gen minis Planifikasyon an, Ketleen Floreal, direktè jeneral Ministè Anviwònman an, Astrel Joseph, ansanm ak doktè Noel Francisco, reprezantan Ministè Sante Piblik la. Te gen tou reprezantan plizyè antrepriz ki travay nan sektè dlo kondisyone a, ki te byen konnen rezilta etid la t ap boulvèse imaj endistri yo.

Minis Komès ak Endistri a, James Monazard, nan deklarasyon li yo, pa t chèche minimize gravite sitiyasyon an. Li rekonèt Ayiti ap fè fas ak yon pwoblèm estriktirèl ki manyen dirèkteman dwa fondamantal sitwayen yo pou yo gen aksè ak dlo ki bon kalite. Li raple etid sa a, ki te fèt soti janvye 2025 rive janvye 2026, ak sipò finansman Trezò Piblik la, te gen pou objektif fè yon bilan onèt sou sektè a.
Daprè minis la, devlopman ekonomik ak sosyal Ayiti pa ka fèt san aksè serye ak byen ak sèvis ki san danje. Ò, dlo, ki se resous ki pi esansyèl la, jodi a se li menm ki nan mitan yon gwo dereglaj. « Rezilta nou jwenn yo mande pou gen yon konsyans kolektif », se sa li souliye, pandan li ensiste sou responsablite pataje otorite yo, antrepriz yo ak konsomatè yo.
Pi lwen pase senp konsta a, minis Monazard vle bay espwa. Pou li, rapò sa a pa dwe rete yon foto pwoblèm nan sèlman, men li dwe vin pwen depa yon chanjman reyèl. MCI, atravè Direksyon Kontwòl Kalite ak Pwoteksyon Konsomatè (DCQPC), gen entansyon ranfòse regilasyon sektè a, ogmante enspeksyon yo epi enpoze estanda ki pi sevè pou tout operatè ekonomik yo.

Li mete aksan tou sou nesesite pou amelyore fason yo jere kalite dlo a nan inite tretman yo ak nan antrepriz kondisyònman yo. San bon kad legal, bon siveyans ak kontwòl regilye, li avèti, mache a ap kontinye mete pwodwi an sikilasyon ki mete popilasyon an an danje san nesesite.
Se konfyans sa a menm Ministè Komès ak Endistri a di li vle retabli. Atravè yon siveyans pi sere, sanksyon kont antrepriz ki pa respekte règleman yo, ansanm ak sansibilizasyon piblik la, otorite yo espere netwaye sektè a piti piti. Objektif la klè : garanti chak sitwayen jwenn dlo ki vrèman potab, ki respekte tout nòm kalite epi ki pa prezante okenn risk pou sante.

Nan yon peyi k ap travèse plizyè kriz, kesyon dlo a ka parèt kòm yon sijè segondè. Men an reyalite, li nan kè lavi chak jou ak byennèt kolektif la. Etid DCQPC a raple ak fòs ke san dlo pwòp, pa gen devlopman dirab ki posib.
Kounye a, gwo kestyon an rete : èske alèt sa a pral suiv ak aksyon konkrè ak dirab ? Pou plizyè milyon Ayisyen, sa pa yon deba teknik, men se yon kestyon sante piblik.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841