Senkyèm jounen playoffs Lig Ayisyèn Foutbòl la te dispite mèkredi 28 ak jedi 29 janvye 2026 la kote plizyè klèb fè devwa yo kòmsadwa.
Racing Football Club domine AS Capoise (3-1) nan pak Vincent, nan gwoup Nò a. Oscar Jean Maxon (28èm), Claudeson Stanley Céus ak Casséus Anderson te bitè pou Lions de la Terre Salée yo, tandiske Marc Hélor Alcénat te louvri eskò a pou Vieux Coq Capois a nan 22èm minit.
Nan pak Antoine Levelt de Saint-Marc, Baltimore SC enpoze l fas Ouanaminthe FC (2-0) gras a atakan Baudelaire Aristide ki make 2 gòl pou klèb 4X4 la.
Nan gwoup Sid la, Violette Athlétic Club bat Juventus FC des Cayes (1-0), avèk yon grenn gòl Kelly Clerger enskri.
Nan jedi, Cavaly AS danse sou Racing Club Haïtien (3-1) nan pak Sainte-Thérèse. Se Jean Denickson Dajoly (16èm), Dorly Evens Jean (25èm) ak Wutsen Joseph (89èm) ki make gòl pou Vieux Lions yo ; epi inik reyalizasyon Racing CH la se André Wanderly nan 48èm minit ki fè li.
Men rezilta yo :
Mèkredi 28 janvye 2026
Gwoup Nò
Racing FC 3-1 AS Capoise
Baltimore SC 2-0 Ouanaminthe FC
Gwoup Sid
Violette AC 1-0 Juventus FC ;
Jedi 29 janvye 2026
Gwoup Sid
Racing CH 1-3 Cavaly AS.
Aprè 5 jounen, se Racing FC ki lidè gwoup nò a avèk 8 pwen ; Baltimore SC 7 pwen, Ouanaminthe FC 7 pwen, AS Capoise 5 pwen.
Pou gwoup sid la, se Violette AC k ap domine klasman an avèk 11 pwen aprè 5 jounen playoffs Lig Ayisyèn Foutbòl (D1) pou Seri Ouvèti 2025-2026 la ; Juventus FC 6 pwen, Cavaly AS 4 pwen, Racing CH 3 pwen.
Kite nou souliye, vèdik la deja tonbe nan zòn Sid la ki konnen dezòmè reprezantan li pou rès konpetisyon an. Tout je fikse sou zòn Nò a kote 6èm jounen an ki pwograme wikenn sa anonse l desizif ak pasyonan.
Lig Ayisyèn Foutbòl. Pwogram 6èm jounen playoffs :
Gwoup Nò
Dimanch 01 fevriye 2026
Ouanaminthe FC vs AS Capoise
Baltimore SC vs Racing FC ;
Gwoup Sid
Dimanch 01 fevriye 2026
Racing CH vs Violette AC
Cavaly AS vs Juventus FC.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE