Nan yon kominike pou laprès nan dat 30 janvye 2026, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) pibliye rezilta konplè sesyon rekale bakaloreya pèmanan desanm 2025 la ki bay yon pousantaj reyisit 50,55% pou Segondè 4 nan nivo nasyonal.

Rezilta sa yo pibliye pou dis (10) Direksyon Depatmantal Edikasyon (DDE) yo pou Segondè 4 ak Segondè tradisyonèl (Filo).

Daprè done ki sòti nan Biwo Nasyonal Egzamen Leta (BUNEXE), rezilta sa yo ki vin konplete sa ki te manke yo pou depatman Nip ki bay yon pousantaj reyisit 87.21% pou Segondè 4 nan Direksyon Depatmantal Edikasyon sa a.

Sou plan nasyonal, pousantaj reyisit la pou Segondè 4 se 50.55%, sa vle di genyen 22 027 kandida ki admi sou 43 574 patisipan.

Nan dat 16 janvye 2026, MENFP te deja pibliye rezilta pou 9 Direksyon Depatmantal Edikasyon ki te pati konsa :
. Latibonit :  32.31%
. Sant : 41.54%
. Grandans : 34.96%
. Nò : 69.86%
. Nòdès : 39.94%
. Nòdwès : 49.58%
. Lwès : 53.96%
. Sid : 30.54%
. Sidès : 36.66%.
. Epi Nip ki vin konplete kounye a avèk 87,21 %. Kidonk se Direksyon Depatmantal Edikasyon Nip ki fè pi bèl mwayèn nan sesyon rekale bakaloreya pèmanan desanm 2025 la. 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl souliye tou rezilta pou Segondè tradisyonèl la yo rele Filo a disponib tou nan 10 Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.

Jacky M. Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841