Seleksyon nasyonal la pral dispite 2 match amikal pandan trèv entènasyonal la nan mwa mas, nan kad preparasyon li pou Koupdimonn FIFA 2026 la. Rankont sa yo pral jwe nan Toronto (Kanada).
Biyè pou 2 pwochen match amikal Ayiti yo deja kòmanse vann.
Men lyen yo :
Pou match Tinizi : https://www.ticketmaster.ca/event/1000643591007C1F ;
Pou match Island : https://www.ticketmaster.ca/event/1000643591107C4B.
Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) la asosye l ak Federasyon kanadyèn nan pou òganize match amikal sa yo.
Samdi 28 mas 2026 – BMO Field, Toronto
• 13è : Kanada 🇨🇦 vs Isand 🇮🇸
• 20è : Ayiti 🇭🇹 vs Tinizi 🇹🇳 ;
Madi 31 mas 2026 – BMO Field, Toronto
• 12è30 : Ayiti 🇭🇹 vs Island 🇮🇸
• 19è30 : Kanada 🇨🇦 vs Tinizi 🇹🇳.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE