Yon jij federal ameriken sispann, lendi swa nan Washington, desizyon administrasyon Trump la ki t ap mete fen nan Temporary Protected Status (TPS) pou sitwayen ayisyen yo. Mezi sa a ki te dwe ekspire madi a a 11è 59 nan aswè e li te konsène plis pase 300 000 benefisyè, ki te vin anba menas arestasyon ak depòtasyon imedya.

Nan yon desizyon ki te anpil atant ak enkyetan, jij tribinal federal distri Columbia a, Ana C. Reyes, estime Depatman Sekirite Enteryè a (DHS) te aji an vyolasyon lalwa. Li te bay satisfaksyon a demann plenyan yo, sa ki pèmèt pwoteksyon kont depòtasyon yo kontinye pwovizwaman, menm jan ak validite pèmi travay Ayisyen ki benefisye TPS la.

Avoka yo te fè konnen desizyon sekretè Sekirite Enteryè a, Kristi Noem, pa t kapab kenbe devan lajistis, paske Kongrè a pa t prevwa okenn rekou kont kalite desizyon administratif sa yo. Kidonk Jij Reyes rejte agiman sa a.

Yon lot kote, plenyan yo denonse yon desizyon ki, selon yo, pa baze sou nasyonalite, men sou kestyon ras. Yo estime ostilite administrasyon Trump lan anvè Ayisyen yo chita sou prejije rasyal, e non sou orijin nasyonal. Se premye fwa yon dosye konsa rive devan tribinal yo, ki baze sèlman sou vyolasyon prensip egalite pwoteksyon lalwa sou baz ras.

Administrasyon an, ki deja retire TPS la pou anviwon yon douzèn peyi, pami yo Venezyela ak Nikaragwa, ta dwe fè apèl kont desizyon sa a devan Lakou Siprèm Etazini. Nan lòt dosye menm jan an, li te mande tribinal yo leve entèdiksyon jij pi ba yo te mete, pou pèmèt depòtasyon yo kontinye pandan pwosedi jidisyè yo ap fèt.

Estati pwoteksyon tanporè pou Ayiti te etabli an 2010 sou administrasyon prezidan Barack Obama, aprè tranblemanntè devastatè a ki te lakòz lanmò plis pase 300 000 moun epi kite 1,5 milyon san kay. Kenz lane aprè, sitiyasyon sekirite ak politik peyi a vin n pi grav toujou : pa gen okenn otorite eli depi asasina prezidan Jovenel Moïse, gang ame kontwole gwo pati nan teritwa a, epi enstabilite enstitisyonèl la ap ogmante.

Daprè òganizasyon imanitè yo, plis pase 6 milyon moun bezwen asistans an Ayiti jodi a, pami yo anviwon 1,4 milyon moun ki oblije kite kay yo. Defansè benefisyè TPS yo fè konnen yon retou fòse ta ka ekspoze yo a vyolans grav, menm mete lavi yo an danje.

Nan Florid, kote plis pase 150 000 Ayisyen ap viv anba TPS, responsab ekonomik yo eksprime enkyetid sou enpak ekonomik yon pèt masiv nan fòs travay la, sitou nan sid Eta a.

Plent lan te depoze pa (9) nèf pati, pami yo gen benefisyè TPS, Asosyasyon Klèje Evanjelik Ayisyen an ak sendika SEIU-32BJ. Kabinè avoka Kurzban Kurzban Tetzeli & Pratt ansanm ak Just Futures Law elatriye. Anplis sa, yo lanse tou pwosedi jidisyè sou baz lwa sou aksè a enfòmasyon, pou mande dokiman entèn ki te sèvi pou pran desizyon pou mete fen nan TPS la.

Tricia Mc Laughlin, pòtpawòl DHSgov, reyaji etou raple ke pwogram TPS la se te yon mezi tanporè, yo te bay li apre tranblemanntè 2010 la, epi li pa t janm yon amnisti pèmanan. Li te anonse tou ke dosye a prale devan Kou Siprèm nan.

Demach sa a, ki vini apre desizyon 2 fevriye 2026 jij Ana C. Reyes ki te anile sispansyon TPS la, kapab konsène plis pase 300 000 Ayisyen k ap viv Ozetazini. Administrasyon Trump la te fikse 3 fevriye 2026 kòm dat fen estati pwoteksyon tanporè (TPS).

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841