Aprè 6 jounen tansyon ak konfwontasyon, Seri Ouvèti Chanpyona Nasyonal Lig Ayisyèn Foutbòl la devwale anfen ewo li yo. Violette Athlétic Club ak Baltimore Sportif Club dekwoche plas yo pou ale jwe final.

Nan Gran Nò a, Baltimore SC nan pak Antoine Levelt wonfle Racing FC des Gonaïves (2-0), dimanch 1e fevriye 2026 la, nan okazyon dènye jounen play-offs Lig Ayisyèn Foutbòl la, sa ki ba li dwa valide biyè pou gran final la. Se gras ak Schneider Joseph Jr (24e) ak Hilaire Reynaldo (55e) minit ki fè gòl pou ekip Flamengo a. Siksè sa pwoteje Datus Ernso yo fè a pèmèt Baltimore SC fini premye nan gwoup Nò a avèk 10 pwen.

Violette AC vs Baltimore SC : final la pral jwe an match ale-retou. Se pral yon match ki anonse koulè kote espektak pral nan chak jès, chak pas ak chak chout. Fanatik foutbòl ak tizè boul pral gate pou suiv fas a fas sila ki senbolize yon renesans foutbòl ayisyen an, yon melanj k ap vibre a kreyativite, rigè ak pasyon.

Men rezilta 6èm jounen playoffs Seri Ouvèti D1 Sezon 2025-2026 yo :

Dimanch 1 fevriye 2026

Gwoup A (Gran Nò)

Ouanaminthe FC 0-1 AS Capoise

Baltimore SC 2-0 Racing FC ;

Gwoup B (Gran Sid)

Racing CH 0-3 Violette AC

Cavaly AS 2-0 Juventus FC.

Klasman | J6. Gwoup A
1. Baltimore SC 10 pwen
2. Racing FC 8 pwen
3. AS Capoise 8 pwen
4. Ouanaminthe FC 7 pwen ;

Klasman | J6. Gwoup B
1. Violette AC 14 pwen
2. Cavaly AS 9 pwen
3. FC Juventus 4 pwen
4. Racing CH 3 pwen.

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841