Ministè Interyè nan tèt kole ak Federasyon majistra depatman Sant, òganize yon jounen travay jodi mèkredi 4 fevriye a, sou envestisman lokal ak devlopman lokalALTD ( Agence Technique Locale Départementale) epi GIT (Guichet d’Investissement Territorial) atelye travay sa yo vize bay komin yo mwayen teknik ak finansye pou sa pèmèt yo aji sou pwoblèm yo.

Fas ak divès pwoblèm meri yo ap fè fas Ministè Interyè mete sou pye 2 òganism sa yo ALTD ak GIT ki la pou fasilite meri yo rive kolekte mwayen ni nan sektè prive, epi trezò piblik. Noël Renold kise direktè meri Mibalè ki t ap mennen jounen travay la, montre ki nesesite vil yo genyen pou sa anbrase pwojè sila, ALTD a la pou fasilte meri yo rezoud pwoblèm yo, pandan y ap pran dòleyans popilasyon an majistra ap gen pou devwa travay sou pwoblèm yo epi pwopoze yon pwojè.

Tout komin yo gen bewzen e yo pa souvan menm, nan pwojè entè-kominal yo majistra vil yo ap gen pou chita ansanm brase lide al popilasyon an nan lide pou konnen bezwen epi ekri pwojè pou sa sou mèt ak ALTD epi GIT

Alèd de pwojè sila ministè enteryè vya ALTD ak GIT ap ka finanse pwojè meri yo, pi lwen prezidan federasyon majistra sant yo Lochard LAGUERRE, bò kote pa l trouvé inisyativ sa ka pèmèt meri yo repon ak kèk bezwen tankou; reparasyon wout ki kòmanse kraze, mache elatriye.

PUB

Madam Midelove ADRIEN, ki se majistra vil Ench te bat bravo lakontantman pou ministè enteryè ki pou inisyativ la, promèt li pral travay ak tout aktè yo pou ede komin Ench benefisye projè dirab ki ap benefik pou popilasyon an.

Frantz Lucien, ki se reprezantan sosyete sivil bò kote pa l bat bravo lakontantman pou inisyativ la, men tou li montre enkyetid li nan pou aterisaj pwojè Frantz fè konnen Ayiti se yon peyi tout bagay politize li swete epi espere politisyen yo konpran inisyativ la, san yo pa akapare l pou yo pa fè politik ak li men bay majistra yo plis mwayen pou travay yo ka fèt.

Si lameri pa gen bon jan mwayen nou paka pa de devlopman kominal, travay meri yo dwe vanse pandan yo toujou prete zòrey ak popilasyon, majistra Ench lan, Midlove te konkli pou fè konnen kolektivite se baz peyi yo pa dwe neglije.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841