Nan kad ranfòsman kapasite operasyonèl Biwo Asirans Kont Aksidan Travay, Maladi ak Maternite (OFATMA), Direktè Jeneral la, Mesye Vikerson Garnier, te fè yon vizit ofisyèl nan Depatman Sant, mèkredi 4 fevriye 2026,selon sa biwo kominikasyon an fè soti nan yon kominike pou laprès 5 fevriye a.

Selon kominoke a, DG OFATMA a te akonpaye pa yon delegasyon kad siperyè ki gen ladan Mesye Jacques Dulaurier (DCDD), Doktè Lucien Charley Trévent (DCSS) ak Madam Marie Iphania Marcellus, Direktè Resous Imèn. Vizit sa a te vize ranfòse prezans OFATMA epi amelyore fonksyònman sèvis yo sou Plato Santral la.

Nan entèvansyon li, Mesye Vikerson Garnier te re-afime angajman enstitisyon an pou bay Direksyon Depatmantal Sant la mwayen ki nesesè pou ogmante efikasite sèvis yo bay asire yo. Li te anonse tou demach ki deja lanse pou peye lopital patnè yo, yon kondisyon enpòtan pou asire kontinwite swen sante yo.

Direktè Depatmantal OFATMA-Sant la, Mesye Rony Destiné, te salye prezans delegasyon an epi li te prezante prensipal defi biwo depatmantal la ap fè fas. Delegasyon an te rankontre pèsonèl administratif ak teknik la pou diskite sou difikilte yo epi idantifye solisyon konkrè pou amelyore fonksyònman biwo a.

Nan kontinite misyon li nan depatman an, Direktè Jeneral la te vizite Lopital Sainte Thérèse de Hinche, kote li te rankontre Doktè Wolve Irvens Charles, Direktè Depatmantal Sante Sant la, ansanm ak Doktè Denold Milsoit, Direktè Egzekitif lopital la. Li te pran angajman pou fè swivi nesesè yo nan lide pou pèmèt peman lopital la fèt, nan objektif pou garanti bon jan kalite swen pou asire yo nan depatman an.

Anplis de sa, pou reponn ak difikilte ki gen rapò ak pwodiksyon kat asirans yo, Direktè Jeneral OFATMA a te anonse deplwaman, nan mwa k ap vini yo, ekip teknik ki pral pwodui kat asirans yo dirèkteman nan Depatman Sant, pou benefis tout asire yo.

Ekip politik ansyen depite Mibalè a Abel Descolines te profite remèt plak donè ak DG a pou gwo travay lap fè nan peyi a pou ede pitit pèp la jwenn bonjan swen ak kouvèti asirans OFATMA a selon sa yo fè konen.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841