Gouvènman ayisyen an kapab, depi kounye a, achte ekipman ak sèvis defans pou Gad Kòt Ayiti yo. Pou premye fwa depi ane 1990 yo, Fòs Ame d Ayiti (FAD’H) pral benefisye dirèkteman de yon pati nan 5 milyon dola ameriken ki prevwa nan kad Pwogram Finansman Militè Etranje (FMF) ak Operasyon pou Mentyen Lapè, dapre dispozisyon H.R. 7148, lwa finans konsolide Etazini pou egzèsis fiskal 2026, ki te pwomilge 3 fevriye 2026 pa prezidan ameriken Donald Trump.

Selon lwa sa a, gouvènman Ayiti a otorize pou achte ekipman ak sèvis defans, an aplikasyon Arms Export Control Act (22 U.S.C. 2751 ak sa ki vin apre yo), espesyalman pou ranfòse kapasite Gad Kòt Ayiti.

Pou sa ki konsène Fòs Ame d Ayiti, dokiman legal la presize ke, sou fon ki alwe anba ribrik “Operasyon pou Mentyen Lapè” ak “Pwogram Finansman Militè Etranje”, jiska 5 milyon dola ameriken ka mete a dispozisyon pou asistans ki pa letal ak sipò operasyonèl pou FAD’H, apre konsiltasyon ak komisyon konpetan Kongrè ameriken an.

KOLABORASYON MILITÈ AYITI–ETAZINI AP RANFÒSE

Paralèlman, kolaborasyon ant lame ameriken an ak Fòs Ame d Ayiti yo vin pi solid pandan dènye mwa yo. Dapre yon kominike Anbasad Etazini ann Ayiti, atache prensipal defans lan ansanm ak atache militè a te rankontre resamman Minis Defans Ayiti a, Jean-Michel Moïse, nan objektif pou ranfòse enterè komen yo an favè estabilite peyi a.

« Efò konjwen Ministè Defans lan, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Fòs Represyon Kont Gang (FRG) pou konfwonte gang teworis yo esansyèl pou retabli sekirite epi estabilize Ayiti », dapre deklarasyon an.
Anbasad la ajoute ke Etazini rete bò kote Ayiti ak pèp ayisyen an, pou soutni aspirasyon yo pou yon Ayiti ki pi an sekirite, pi estab ak pi pwospè.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841