Nan kad responsablite legal li, Mèri Ench adopte yon arè­te kominal ki vize òganize, kontwole epi reglemante plizyè aktivite ekonomik k ap fèt sou teritwa komin nan. Pami aktivite sa yo gen eksplwatasyon karyè sab, transpò pasaje ak machandiz, chajman ak debakman materyo, ansanm ak lòt pratik ekonomik ki gen enpak dirèk sou lavi kominote a.

Dapre otorite minisipal yo, desizyon sa a pran nan objektif pou mete lòd ak disiplin, pwoteje anviwònman an, amelyore sikilasyon nan vil la, epi ranfòse resous finansyè minisipalite a. Lajan ki pral ranmase yo gen pou sèvi pou amelyore sèvis piblik yo epi pèmèt minisipalite a reponn pi byen ak bezwen popilasyon an.

Arè­te a etabli dwa ak redevans kominal selon diferan kategori mwayen transpò ak aktivite ekonomik yo. Montan yo fikse an fonksyon de tip aktivite a, kapasite machin nan ak nati sèvis la.
Montan dwa ak redevans kominal yo

Eksplwatasyon sab / karyè transpò materyo:

Kamyon 6 wou : 1 000 goud
Kamyon 10 wou : 1 500 goud
Pick-up : 500 goud
Moto 3 wou : 250 goud
Kabwèt : 150 goud

Transpò pasaje ak machandiz
Trelè 18 wou : 2 000 goud
Trelè 10 wou : 1 500 goud
Kamyon : 1 000 goud
Lòt machin (eksepte motosiklèt) : 500 goud
Moto taksi
Viyèt : 1 500 goud, renouvlab chak ane.

Tout moto san viyèt ap sibi sanksyon selon lalwa
amann ak sanksyon.
Amann ki varye ant 3 000 goud rive 10 000 goud
An ka rekidiv, moun nan ka sibi 15 a 45 jou prizon
Selon Mèri Ench, lajan ki pral ranmase yo pral itilize pou netwayaj, jesyon mache, antretyen wout, simityè, plas piblik, ansanm ak lòt sèvis esansyèl pou devlopman komin nan.

Arè­te kominal sa a ap antre an vigè apati 5 fevriye 2026. Otorite yo envite tout sitwayen, chofè ak operatè ekonomik yo pou yo respekte dispozisyon yo, nan enterè devlopman ak byennèt komin Ench.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841