Pa Emmanuel Taulème BRINA, jounalis ak jiris
Nan imajinè politik pèp ayisyen an, 7 fevriye se yon dat fondamantal : se dat lejitimite demokratik la. Men, an 2026, dat sa a sitou make echèk yon tranzisyon ki te sipoze remete peyi a sou bon wout la. Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT) kite sèn nan san eleksyon, san sekirite, san okenn rezilta ki ka mezire. Se yon sòti pa dèyè.
Dènye mwa CPT a te make pa yon gwo « bras de fer » san rezilta ak Premye minis Alix Didier Fils-Aimé. Dèyè akizasyon yo ak tantativ pou revoke li, konfli sa a te sitou revele yon verite ki fè mal : enkapasite aktè tranzisyon yo pou yo dakò sou sa ki esansyèl la ki se enterè nasyonal la. Pandan enstitisyon yo t ap chire pit, Leta t ap kontinye pèdi tèren devan gang ame yo.
Kenbe Didier Fils-Aimé nan tèt gouvènman an, avèk sipò klè Etazini, se pa rezilta yon konsansis ayisyen, men pito yon kalkil jewopolitik. Washington prefere yon estabilite ki sanble la pase yon lejitimite demokratik reyèl, nan yon kontèks kote gen krentif pou yon efondreman total, pou migrasyon san kontwòl, ak pou yon dezòd rejyonal. Mesaj la klè : yo pito yon egzekitif ki fèb men previzib pase yon tranzisyon ki pa sèten.
Prezans bato militè ameriken nan lanmè ayisyen an vin ranfòse santiman sipèvizyon sa a. Li pa pwoteje ni sitwayen yo ni enstitisyon yo, men li aji tankou yon siy politik : kounye a, kriz ayisyèn nan ap jere otan pa diswazyon tankou pa dyalòg. Souvènte nasyonal la soti ladan l gravman fragilize.
Anfen, ide pou òganize eleksyon nan yon otèl, lwen katye popilè yo ak zòn ki anba kontwòl gang ame yo, montre klèman dekoneksyon ki genyen ant elit politik yo ak reyalite peyi a. Yon demokrasi ki fèmen nan salon sekirize pa ka ranplase vòt lib ak enklizif pèp la.
Kidonk, 7 fevriye 2026 pa selebre yon tranzisyon reyisi, men pito yon chans ki rate. Toutotan demokrasi ayisyèn nan ap rete sou pèfizyon entènasyonal epi prizonye aranjman elitist, li pral toujou rete yon pwomès ki pa janm reyalize.
Pa Emmanuel Taulème BRINA, jounalis ak jiris