Nan fen manda li, Konsèy prezidansyèl tranzisyon an kite dèyè li yon bilan lajman konteste. Si sèten Konseye-prezidan, pami yo Frinel Joseph mete an avan divès konsiltasyon ak demach nan objektif pou òganize eleksyon, yo rekonèt toutfwa ensekirite k ap pèsiste a ak blokaj politik paralize esansyèl refòm ki t ap tann yo.
Emmanuel Vertilaire, pou li menm, admèt objektif Konsèy la pa atenn, sa ki konfime kritik de yon tranzisyon ki pa kapab retabli estabilite enstitisyonèl depi asasina Jovenel Moïse an 2021. Ant diskou espwa ak ave echèk, fen KPT a nouri yon pwofon santiman dezilizyon nan mitan yon popilasyon ki toujou an atant de solisyon konkrè.
*7 fevriye 1986 – 7 fevriye 2026 : 40 lane demokrasi*
7 fevriye se yon dat senbolik nan istwa peyi Ayiti. 7 fevriye 2026 la ki make fen manda Konsèy prezidansyèl tranzisyon an, li make tou karant lane pasaj de diktati a demokrasi. Yon sistèm ki sanse kapab ede a transfòme gouvènans lan epi amelyore lavi sitwayen yo. Poutan, aprè 40 lane, yon bilan anmè : tranzisyon ki pa janm fini, chomaj andemik, enjerans etranjè, inegalite san kanpe ak yon demokrasi frajilize. Karant lane aprè, peyi a rete prizonye yon enstabilite kwonik.
7 fevriye 2026. Ayiti pati pou yon twazyèm tranzisyon yonn kole ak lòt depi lanmò prezidan Jovenel Moïse (7 jiyè 2021). Ki repèkisyon yon vid enstitisyonèl genyen sou yon peyi tankou Ayiti ?
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE