Federasyon Foutbòl Ayiti a anonse nominasyon yon nouvo estaf teknik pou seleksyon nasyonal maskilen U-20 an, nan kad eliminatwa Concacaf pou Koup di Mond FIFA 2027 la, ansanm ak Jwèt Olenmpik 2028 yo ak Jwèt Panameriken 2026 yo.

Raúl Valentín González Triana, ki se sitwayen kiben, pral dirije estaf sa a kòm seleksyonè. Li pral gen kòm adjwen teknik teknisyen Baltimore SC a, Ernso Datus, epi konpatriyòt li José Manuel Morejón Rodríguez ap responsab preparasyon fizik la.

Raúl Valentín González Triana, ki gen 58 lane, se yon ansyen defansè ki vin tounen antrenè. Li sitou rekonèt pou plizyè manda li te fè nan tèt seleksyon nasyonal Kiba yo (senyò, U-23 ak U-20). Ant 2006 ak 2016, li te seleksyonè ekip senyò kiben an plizyè fwa, li te mennen Kiba patisipe nan Gold Cup 2007 ak 2011, epi li make listwa lè li te kalifye ekip U-20 Kiba a pou Koup du Mond FIFA U-20 2013 la, yon premye pou peyi a.

Eksperyans ak palmarès li te jwe yon wòl detèminan nan chwa Direksyon Teknik Nasyonal (DTN) FHF la, an vi eliminatwa k ap vini yo.

FHF Kominikasyon, 8 fevriye 2026

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841