Nouvo seleksyonè ekip nasyonal maskilen U-20 Ayiti a, Raúl Valentín González Triana, pral dirije jèn Grenadye yo nan eliminatwa Concacaf yo ki fèt an de faz, e ki bay kalifikasyon pou plizyè gwo konpetisyon entènasyonal :
• 25yèm edisyon Koup di Mond FIFA U-20 la, ki pwograme pou 2027 an Azèbadjan ak Ouzbekistan,
• Jwèt Panameriken 2026 yo ki pral dewoule an Repiblik Dominikèn,
• ansanm ak Jwèt Olenmpik Los Angeles 2028 yo.

Jèn Grenadye yo klase nan gwoup D a, kote yo pral fè fas ak Kiraso, Giyàn, Sen Vensan e Grenadin ak Angiya. Match premye faz yo ap jwe nan Stadion Rinaldo Jean Francisca, Kiraso, selon kalandriye ki nan grafik la .

Objektif prensipal la se fini premye nan gwoup la, sa ki ta bay ekip la kalifikasyon pou faz k ap vini an, kote li pral chache tikè pou gwo konpetisyon entènasyonal FIFA yo.

Preparasyon seleksyon ayisyèn nan te demare wikenn ki sot pase a ak yon faz deteksyon, ki te vize jwè k ap evolye nan Lig Ayisyèn Foutbòl la (LHF). Apre etap sa a, pi bon eleman yo kap chwazi pou pèmèt ekip la prepare seryezman pou de (2) faz eliminatwa Concacaf yo.

FHF Kominikasyon, 8 fevriye 2026

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841