Seleksyon nasyonal foutbòl maskilen U17 Ayiti a mache nan tras gran frè Grenadye yo nan Seleksyon senyò a lè yo kalifye pou Mondyal FIFA U17 2026 la ki pral fèt nan peyi Kata.

Aprè kalifikasyon istorik gwo Grenadye yo pou Mondyal FIFA 2026 la k ap fèt nan peyi Meksik, Kanada ak Etazini, se tou pa jèn Grenadye yo pou yo kontinye ekri youn nan pi bèl paj foutbòl ayisyen an nan yon moman kote Grenadye yo montre yo toujou alaso pou mete lajwa nan kè pèp ayisyen an ki tèlman ap soufri anba tout kalte traka.

Jèn Grenadye yo rive rache kalifikasyon yo aprè yo fin mache sou tout ekip nan poul C a avèk 3 viktwa ki pèmèt yo fini premye avèk 9 pwen sou 9. Si Grenad ak Anntigwa ak Babouda te gentan pase anba woulo konpresè jèn Grenadye yo, madi 10 fevriye 2026 la a se te tou pa Gwatemala ki pran yon 2-1 pou li te ka reyalize nan gwoup C a, se Grenadye yo ki kòmande.

N ap souliye desizyon an te gentan fèt depi nan premye mitan avèk yon gòl jèn Grenadye yo nan 7èm minit gras ak Sonson Jr Jean-Baptiste, anvan Gwatenala te egalize nan 11èm minit gras ak Patrick Arana. Men jèn Grenadye yo ta pral pran avantaj la nan 22èm minit avèk Danrick Dalcé ki ta pral mete match la 2-1, epi eskò sa a pa t chanje ankò jiskaske abit la soufle match fini.

Mondyal FIFA U17 la ap fèt nan peyi Kata an novanm 2026. Se dezyèm nan senk edisyon Kata ap resevwa chak ane epi k ap dewoule avèk 48 ekip nasyonal. Nan edisyon 2025 la, Ayiti te patisipe epi li te soti dènye nan gwoup C a ki te genyen Venezyela, Angletè ak Ejip. Li ta bon pou ekip ane sa a ta jwenn bon jan ankadreman pou li ta ofri yon pi bèl pèfòmans pou bonè piblik ayisyen an.

*Ayiti nan Koupdimonn gason U17 Kata 2026 !*

Seleksyon ayisyèn foutbòl U-17 bò kote gason yo fini dispite eliminatwa mondyal nan kategori laj sa nan peyi Gwatemala sòti 5 pou bout 10 fevriye 2026 : Ayiti 5-1 Grenad ; Anntigwa ak Babouda 0-4 Ayiti ; Ayiti 2-1 Gwatemala. Jan sa te prevwa a, venkè gwoup la ki se Ayiti kalifye pou faz final Mondyal maskilen U17 FIFA k ap dewoule yon lòt fwa nan peyi Kata nan fen lane 2026 la. Se sou direksyon antrenè Kovsky Saint-Vil seleksyon nasyonal Ayiti U-17 la te pousuiv preparasyon li yo epi jwenn kalifikasyon li pou Mondyal U17 Kata 2026 la.

*AYITI REFÈ l ANKÒ !*

« Apre yon 90 minit gason pa kanpe, apre jèn Grenadye yo fin bay tout ji yo, yo fè l, yo refè l, yo kalifye pou Mondyal U17 Kata 2026 la ! Ak yon viktwa 2 gòl a 1, sou ekip Gwatemala a, lakay yo, jèn Grenadye yo sele viktwa yo sou ekip Gwatemala pou yon dezyèm fwa youn apre lòt, pou al trase Kata nan peyi Kata nan mondyal la ! Grenadye Alasoooo ! »

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841