Pap Léon XIV nonmen Mgr Jude Thaddeus Okolo kòm nouvo nons apostolik an Ayiti, sa ki mete fen a de (2) lane vakans nan pòs kle sa a.
Li se orijinè Nijerya, li pale plizyè lang, Mgr Okolo ki genyen 69 lane vini aprè Mgr Francisco Escalante Molina. Mgr Jude Thaddeus Okolo se diplomat ki genyen anpil eksperyans, li te sèvi nan Siri Lanka, nan Antiy yo, nan Repiblik dominikèn epi nan Repiblik tchèk.
Nominasyon Mgr Okolo vini nan yon kontèks difisil kote kriz tout kalte ap brase bil peyi Ayiti ; lè nou konnen Legliz katolik rete yon aktè majè nan lavi politik, sosyal ak espirityèl peyi a.
Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE