Depi 2017, dapre plizyè sous ki bay menm enfòmasyon yo, Ministè Anviwònman (MdE) ta anba kontwòl yon sistèm òganize ki mete anplas pou piye resous piblik yo. Nan sant sistèm sa a ta gen Ligondé Jean Lucien atravè antrepriz li CHRAD ansanm ak lòt konpayi fanmi Ligondé yo, avèk sipò yon ancien obsèvatè koronpi nan CPT ak yon pati nan Legliz Katolik Wòmèn nan.
Selon temwayaj yo, antrepriz sa a ta rive pran kontwòl yon gwo pati nan bidjè ministè a atravè kontra yo ta bay nan kondisyon ki pa klè e ki pa transparan, sitou pou konstriksyon sant jèmoplas nan plizyè depatman estratejik nan peyi a tankou Sid, Grandans, Nip, Nò ak Nòdwès.
Pwojè sa yo, ki te prezante kòm pwojè estriktiran pou pwoteksyon biyodivèsite ak rezilyans anviwònman an, pwojè sa yo ta koute gwo lajan ke sa yo ta dwe koute, yo sifaktire pandan reyalizasyon reyèl yo sou teren an pa ta koresponn ak kantite lajan ki te depanse yo. Anplis kontra konstriksyon sa yo, ta gen lòt kontra kèk kad nan MdE kalifye kòm fiktif, ki gen rapò ak jesyon ak relans sant sa yo, jesyon fatra solid, jesyon inondasyon ak lòt domèn ankò. Kontra sa yo ta pèmèt dekèsman regilye nan kad Pwogram Envestisman Piblik la(PIP) nan kondisyon ki pa klè.

Pou asire sistèm nan kontinye fonksyone, Ligondé ta mete anplas, dapre menm sous yo, yon rezo entèn ki sanble ak yon mafya administratif, kote ta gen gwo kad nan ministè a ansanm ak kèk anplwaye nan ti pèsonèl la.
Nan kontèks sa a, desizyon estratejik MdE yo pa ta pran selon pwosedi nòmal ak enstitisyonèl yo, men pito selon direktiv dirèk Ligondé, kote enstriksyon li yo ta vin fè lwa anndan administrasyon ministè sa a.
Konsidere enfliyans ekonomik antrepriz li a pa t ase pou garanti kontwòl sa a pou lontan, Ligondé ta ale pi lwen lè li kreye yon pati politik ki rele REN, pou li genyen yon levye politik dirèk.
Nan kad tranzisyon ak CTP a, yo ta bay MdE a a pati politik sa a, sa ki, dapre plizyè obsèvatè andedan kou deyò, ta pèmèt konsolide epi bay yon lejitimite enstitisyonèl ak yon sistèm ki te deja byen anrasinen. Toujou dapre menm sous yo, kad nan Direksyon Depatmantal yo ki te eseye denonse pratik sa yo ta konsidere kòm advèsè. Pou fè yo peye frekansite denonsiyasyon yo, pwomosyon ak nominasyon pèsonèl ki te dwe rezève pou Direksyon Depatmantal sa yo ta bloke pa Ligondé.
Okontrè, moun ki fidèl ak sistèm nan ta jwenn rekonpans tankou gwo avantaj finansye sou kat debi yo, ansanm ak alokasyon gaz, tout avantaj sa yo ta depase plafon reglemantè ki fikse selon kategori anplwaye yo, an vyolasyon klè règ jesyon piblik yo.
Nan yon peyi ki deja kap fè fas ak yon kriz anviwònmantal grav, akòz debwazman, move jesyon fatra, degradasyon akselere ekosistèm yo ak gwo vilnerabilite devan chòk klimatik, pratik yo akize yo ta sèlman agrave sitiyasyon an, lè yo ta detounen resous ki te dwe sèvi pou pwoteksyon anviwònman an men ki ta al sèvi enterè prive ak politik.
Devan tablo sonb sa a, yon kestyon santral kap poze: ki plas ki rete pou pèp ayisyen an, ki deja nan gwo difikilte, nan yon sistèm ki sanble ap sakrifye enterè jeneral la sou lotèl kliyantelis ak kaptasyon fon piblik?
Lè nou konsidere gravite akizasyon yo, gen yon apèl ijan ki lanse bay Lakou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA) ansanm ak Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), pou yo egzamine san pèdi tan jesyon Ministè Anviwònman an pou pi piti so dis dènye ane yo, kontra ki ta bay ak konpayi CHRAD ak lòt antrepriz fanmi Ligondé yo, ansanm ak lyen sipoze yo ak pati politik REN an, pou fè tout limyè sou yon sistèm sa ki mete anplas, si li ta pwouve, sa a mete gravman an danje avni anviwònmantal ak enstitisyonèl peyi a.