Buenos Aires, 11 fevriye 2026, refòm travay gouvènman prezidan Javier Milei a pwovoke gwo mobilizasyon atravè Ajantin. Mekredi 11 fevriye a, dè milye manifestan sendika, travayè ak òganizasyon sosyal te desann nan lari kapital la pou denonse pwojè lwa Sena a sot bay premye apwobasyon li.
Manifestan yo kritike mezi yo ki, dapre yo, kapab febli pwoteksyon travayè yo. Pami pwen ki plis fè polemik yo genyen: fasilite pou revoke anplwaye, chanjman nan kalkil endemnizasyon, limit sou dwa grèv, ansanm ak posibilite pou ogmante fleksibilite nan òganizasyon lè travay la.
Sitiyasyon an te vin tansyon nan kèk zòn Buenos Aires. Lapolis te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la, pandan kèk gwoup manifestan te leve baryè epi lanse pwojektil. Plizyè moun rapòte blese pandan eklatman yo.
Gouvènman Milei a, bò pa li, soutni refòm nan yo estime ki nesesè pou relanse ekonomi an, redui travay enfòmèl epi atire envestisman etranje. Otorite yo konsidere fleksibilite mache travay la kòm yon zouti pou ankouraje kreyasyon djòb nan yon kontèks kriz ekonomik ak enflasyon ki kontinye frape peyi a.
Pwojè lwa a kounye a ap tann diskisyon ak vòt final nan Lasanble Depite yo. Pandan deba yo ap kontinye, Ajantin parèt pi divize pase tout tan sou avni sistèm travay li.
Centre à la Une ap suiv dosye sa a de prè.