Komès ant République Dominicaine ak Haïti kontinye montre siy kwasans nan kòmansman ane 2026 la. Dapre rapò mansyèl sou echanj komèsyal ant de peyi yo, ekspòtasyon dominikèn yo pou Ayiti totalize 103,9 milyon dola ameriken nan mwa janvye 2026, sa ki reprezante yon ogmantasyon 6,8% konpare ak menm peryòd la an janvye 2025.

Rejim nasyonal la domine ekspòtasyon yo
Selon done ki soti nan Direction Générale des Douanes (DGA), majorite machandiz yo te ekspòte anba rejim nasyonal la, ki reprezante 75,9% nan total ekspòtasyon yo.Zòn franch yo te kontribye pou 14,9%, pandan ke:
Rejim admisyon tanporè a te reprezante 5,96%
Rejim re-ekspòtasyon an te monte a 3,2%
Zòn franch yo konsantre sou tekstil ak materyèl endistriyèl.

Rapò a montre ekspòtasyon ki soti nan zòn franch yo rete sitou konsantre sou pwodwi tekstil ak matyè premyè pou endistri. Nan kategori sa a, 87,81% valè ekspòtasyon yo te
konsantre sou sèlman 10 pwodwi.Pami yo:
Mayo ak ti chemiz trikote (t-shirts ak maillots de corps) reprezante 32,74%
Lòt twal koton yo fè 28,50%
Materyèl transpò oswa anbalaj an plastik (tankou bouchon ak kapsil) konte pou 6,24%.

Pwodwi prensipal anba rejim nasyonal la
Pou machandiz ki pwodui dirèkteman an RD (rejim nasyonal), 10 pwodwi te reprezante 56,78% nan total ekspòtasyon kategori sa a.
Pami prensipal yo genyen:
Ba fè oswa asye ki pa alye, fòje oswa woule (13,33%)
Siman idwolik, enkli siman koulè (10,73%)
Medikaman ki fèt ak pwodwi melanje oswa pa melanje (5,97%).

Yon tandans ki konfime depandans komèsyal la
Ogmantasyon sa a konfime enpòtans mache ayisyen an pou ekspòtasyon dominikèn yo, sitou nan domèn materyo konstriksyon, tekstil ak pwodwi medikal. Tandans lan montre komès ant de peyi vwazen yo kontinye jwe yon wòl kle nan dinamik ekonomik rejyonal la, malgre defi sekirite ak lojistik ki egziste.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841