Mèkredi 18 fevriye 2026 la, Concacaf reyalize tiraj osò pou defini gwoup ki pral jwe dènye faz eliminatwa koup di mond k ap fèt nan peyi Kostarika a pati 17 mas k ap vini la. Medam ayisyèn pi piti pase 17 lane yo tonbe nan gwoup B a ki gen Etazini, Pòtoriko epi Bèmid.
Medam yo ki te pase fasilman premye faz la, pral gen yon gran responsabilite defann yon lòt tikè mondyal pou peyi a. Pou faz sa, se premye chak gwoup yo epi pi bon dezyèm nan k ap kalifye pou mondyal la k ap fèt nan peyi Mawòk ane sa.
*Kalifikasyon mondyal 2026: Foutbòl fanm U17*
Medam yo dezòmè konnen ak kiyès yo pral fè fas pou faz k ap vini an ! Se mèkredi 18 fevriye a, medam pi piti pase 17 lane yo konnen advèsè yo pou dènye faz eliminatwa Koup di mond k ap fèt nan peyi Kostarika. Se nan tiraj osò ki fèt nan lokal Concacaf la nan miyami.
12 peyi kalifye pou faz sa se Kanada, Meksik, Pòtoriko ak Etazini ki te kalifye dofis epi Repiblik Dominikèn, Panama, Ayiti, Jamayik, Kostarika ak El Salvadò kite yo menm ranpòte diferan gwoup yo a nan premye faz la, genyen tou Bèmid ak Nikaragwa ki te pase kòm pi bon dezyèm toujou nan menm faz sa.
Se pral yon okazyon pou peyi a nouri lespwa pou yon lòt kalifikasyon nan kategori sa fwa sa kote medam yo men tou ofri peyi a yon 8èm kalifikasyon tout kategori konfondi pou faz final koup di mond.
Centre à la UNE