Alòske FBI te mete tèt Vitel’homme Innocent a pri pou 2 milyon dola, Miami Herald rapòte chèf gang << Kraze baryè a >> yo retire l nan lis << dis fijitif yo plis ap chèche yo >>.

Biwo federal envestigasyon (FBI) retire non Vitel’homme Innocent sou lis « dis moun yo te plis ap chèche » malgre te gen yon prim 2 milyon dola sou tèt li. Dapre Miami Herald, ajans lan estime chèf gang « Kraze Baryè » a pa reponn ankò ak kritè ki nesesè pou rete sou lis la, sitou paske yo deja lokalize li ann Ayiti, e prezans li sou lis la pa ta pote plis enfòmasyon ki ta mennen nan arestasyon li.

FBI a fè konnen, malgre gwo kouvèti medyatik depi 2023, ankèt la pa rive pèmèt yo arete li. Konsa, Vitel’homme Innocent vin 15yèm moun yo retire sou lis la depi 1950 san li pa t arete, san li pa mouri, ni san yo pa abandone akizasyon yo. Sepandan, ajans lan presize rechèch yo kontinye ap fèt aktivman pou arete li.

Anplis, otorite ameriken yo fèk mete yon prim 1 milyon dola sou tèt Johnson André, yo rele Izo, chèf gang « 5 Segond », ki alye ak kowalisyon « Viv Ansanm ».

Jacky Médé Fontaine, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841