Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, patisipe lendi 23 fevriye 2026 la nan seremoni ofisyèl prezantasyon Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon Eleksyon yo, ki fèt nan Villa d’Accueil.
Seremoni an te rasanble plizyè manm Gouvènman an, reprezantan kò diplomatik ak konsilè ki akredite ann Ayiti, aktè pati politik yo, reprezantan sektè ekonomik ak sosyal, ansanm ak manm enpòtan nan sosyete sivil la. Prezans yo te montre volonte kolektif pou kontribye nan estabilite enstitisyon yo ak retablisman lòd konstitisyonèl la selon sa nou li nan yon kominike laprimati.
Siyati Pak sa a make yon etap enpòtan nan pwosesis tranzisyon an. Li montre yon volonte politik klè pou kreye kondisyon ki nesesè pou òganize eleksyon ki kredib, enklizif ak transparan, pandan y ap ranfòse estabilite enstitisyonèl ak sekirite nasyonal.
Nan diskou li, Chèf Gouvènman an salye angajman siyatè yo. Li fè konnen lè yo siyen dokiman an, yo chwazi dyalòg, responsablite istorik ak enterè siperyè Nasyon an.
« Destin tout pèp chita sou desizyon ak angajman pitit li pran pou sèvi li. Chak jenerasyon ki sèvi peyi li pandan li mete sou kote enterè pèsonèl ak divizyon, trase wout listwa li », dapre Premye minis la.
Li te mete aksan sou lefèt ke adopsyon Pak la se rezilta plizyè jou konsiltasyon serye, echanj franch ak konpwomi responsab. Daprè li, malgre diferans ki te egziste, aktè yo te mete an premye inite nasyonal, lapè sivil ak estabilite politik.
« Pi gwo viktwa a se viktwa demokrasi a. Se viktwa tout peyi a. Nou montre lemond nou se siman k ap soutni fondasyon estabilite Nasyon an », li te ajoute.
Avèk angajman kolektif sa a, siyatè yo vle bay tranzisyon an yon direksyon òganize ak planifye pou sòti nan peryòd tranzitwa a nan yon fason ki kowòdone.
Premye minis la reafime detèminasyon li pou mete dispozisyon Pak la an aplikasyon, sitou nan ranfòsman sekirite piblik, konsolidasyon enstitisyon yo, transparans pwosesis elektoral la, patisipasyon aktif jèn yo, ansanm ak relans ekonomik ak kreyasyon richès.
Gouvènman an di li espere inisyativ sa a ap vin tounen yon baz politik solid pou retabli konfyans sitwayen yo ak kominote entènasyonal la, pandan l ap louvri chemen pou eleksyon lib, demokratik ak kredib, pou byen tout pèp ayisyen an.