Kou Siperyè Kont ak Kontansye Administratif (CSCCA) apwouve kontra ki siyen ant Ministè Ekonomi ak Finans (MEF), Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP), Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal (MICT), Ministè Defans (MD) ak konpayi etranje Evergreen Trading System Limited.
Kontra sa a vize ranfòse sekirite nasyonal nan fwontyè yo, ogmante resèt fiskal ak ladwann, epi amelyore kapasite Leta pou konbat krim transnasyonal, fwod fiskal ak kontrebann, dapre enfòmasyon jounal Le Nouvelliste jwenn lendi 23 fevriye 2026.
Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, konfime nouvèl la. Li fè konnen travay yo dwe kòmanse nan yon mwa pou mete baz yo ak òganize aplikasyon pwojè a. Dapre li, premye rezilta yo pap vizib nan youn oswa de mwa.
Premye etap la ap konsantre sou kontwòl valè ak kalite machandiz nan pòs fwontalye yo, sa ki pral pèmèt Leta ogmante resèt li pou bay plis sekirite ak sèvis debaz pou popilasyon an.
Li ensiste sou nesesite pou Ayiti kontwole fwontyè pa li: “Responsablite prensipal nou se kontwole fwontyè nou. Kòm bon vwazen, Dominiken yo ka ede nou, men se nou ki gen premye responsablite a.”
Montan total pwojè a rive nan 542 634 238 dola ameriken. Dapre enfòmasyon yo, se konpayi prive a k ap finanse prensipalman pwojè a. Yon montan 13 600 000 dola ameriken pou frè mobilizasyon ap soti nan MEF. Pwojè a prevwa pou dire 10 lane: 2 lane pou aplikasyon ak 8 lane pou eksplwatasyon.
Enrique Segura, prezidan Alex Stewart International, ak Vincent Gordon, prezidan Evergreen Trading System Limited, se responsab de konpayi ki siyen kontra a ak Leta ayisyen an.
Selon yon sous ki pre dosye a, kontra a te deja retounen pou korije kèk pwen. Pami yo: baz kalkil garanti a pa t byen presize, pa t gen dispozisyon pou renouvèlman garanti a pou evite chay twòp sou Leta, epi frè sèvis yo te fikse a 3% sou resèt ladwann yo, sa ki te ka kreye yon depandans dirèk ant pèfòmans ladwann ak finansman pwojè a. Anplis, enpak bidjè a pa t evalye epi pa t gen mekanis plafonman oswa revizyon.
Kè pwojè a se ranfòsman sekirite nan fwontyè yo. Jiska dènye pwomosyon ki sot gradye a, Polis Fwontalye (Polifront) te gen yon ti kras plis pase 300 ajan pou siveye fwontyè tè a ak Repiblik Dominikèn ki gen anviwon 400 kilomèt longè.
Pwojè a prevwa itilizasyon ekipman siveyans pa satelit, dròn, eskanè ak elikoptè pou ranfòse kontwòl la. Li gen ladan tou enstalasyon eskanè machandiz ak eskanè kontenè nan pò maritim Pòtoprens, Okap ak Sen Lwi di Sid, ansanm ak nan pòs fwontalye Malpasse, Beladè ak Wanament. Eskanè mobil pral deplwaye nan pò Sen Mak, Gonayiv, Pòdpè, Tigwav ak Miragwàn.
Pwojè a gen ladan tou ranfòsman teknolojik sèvis imigrasyon yo, mete ekipman modèn pou kontwòl moun, epi rekonstriksyon oswa reyabilitasyon plizyè enfrastrikti ladwann ak imigrasyon atravè peyi a.