Gen moman nan lavi yon nasyon ki tèlman lou, yo pa mande anpil analiz, yo mande konsyans. Sa k ap pase jodi a se youn nan moman sa yo. Tout tan pati politik ak sektè yo t ap fè sanblan ap chache akò, ap negosye, ap fè reyinyon, ap pale de *“solisyon ayisyen pou kriz ayisyen”*, men yon sèl deklarasyon kominote entènasyonal la sifi pou kraze tout teyat la. Lè anbasad ameriken an klèman montre kiyès li apiye, se pa t ankò kestyon dyalòg, kestyon prensip, kestyon konsansis. Se te kestyon kouri al ranje kò w kote limyè a klere.
Epi, san wont, nou wè tout pati ak sektè yo defile pa pil pou al siyen *“akò”.* Sa pa rele politik. Sa rele soumèt, Slsa rele depandans, sa rele renonsyasyon. Paske si se pa volonte pèp la ki deside direksyon peyi a, si se pa enstitisyon ki trase lejitimite a, men pito yon pozisyon diplomatik ki mete pwen final la, alò kestyon an pa sèlman politik, li istorik : kisa ki rete nan souverènte Ayiti ?
Akò yo ap siyen, men tout moun konnen verite a : se pa pou sekirite, se pa pou konbat gang, se pa pou soulaje grangou, se pa pou prepare eleksyon serye. Se pou ministè, se pou pòs, se pou plas nan gouvènman. Se pou rantre nan sistèm nan, pa pou chanje li. Pèp la rete deyò, kòm odyans, pandan elit yo ap negosye avni li nan salon politik.
Pi gwo imilyasyon an, se pa menm entèvansyon entènasyonal la. Se lefèt ke klas politik ayisyen an pare pou aplaudi li, pare pou ajiste li, pare pou suiv li. Se yon mantalite kote validasyon ekstèn vin gen plis pwa pase respè pou diyite nasyonal. Nou tounen yon peyi kote desizyon yo pran deyò, epi yo aplike andedan avèk konplisite moun ki ta dwe defann drapo a.
Ki rezilta akò sa yo pral bay ? Èske yo pral reprann 85 % teritwa ki anba gang ? Èske yo pral remete timoun lekòl ? Èske yo pral ranje lajistis ? Èske yo pral prepare eleksyon kredib ? Oswa èske yo pral senpleman redistribye chèz ak avantaj, pandan kriz la kontinye vale peyi a ?
Sa k ap pase la a se yon gwo wont pou diyite Ayiti. Yon nasyon ki fèt nan revolisyon kont dominasyon pa ka kontinye ap fonksyone sou modèl apwobasyon ekstèn ak kalkil opòtinis. Men jodi a, se reyalite a : *pati politik yo pa batay pou prensip, yo batay pou plas. Sektè yo pa defann souverènte, yo defann enterè.*
Si pa gen yon leve kanpe konsyans kolektif, si pa gen yon retou sou kestyon lejitimite ak respè pou volonte pèp la, akò sa yo ap vin yon lòt paj nan istwa tranzisyon san fen Ayiti. Yon tranzisyon ki pa rezoud ensekirite, ki pa konbat grangou, ki pa òganize eleksyon, men ki toujou jwenn fason pou distribye pouvwa.
*E kestyon final la rete :kilè Ayiti ap sispann negosye diyite li pou yon pòs minis ?*
Paske toutotan nou kontinye konsa, nou pap sèlman pèdi kriz la.
Nou ap pèdi tèt nou kòm nasyon.
Jean Launy AVRIL, editoryalis-Centre à la Une