Apre patisipasyon li nan 50yèm reyinyon òdinè Chèf Leta ak Chèf Gouvènman CARICOM, Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, deklare ankò angajman fèm gouvènman li pou retabli otorite Leta sou tout teritwa nasyonal la.
Nan yon pwen pou laprès li bay nan Salon diplomatik Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture jedi 26 fevriye 2026, li mete aksan sou nesesite pou pran mezi konkrè pou mete Ayiti sou wout estabilite, pwosperite ak devlopman dirab.
Li te antoure ak manm gouvènman an, responsab PNH ak FAd’H, pandan li te lanse yon mesaj inite ak detèminasyon. Li fè konnen sekirite rete pi gwo priyorite pou pèmèt òganizasyon eleksyon jeneral ki lib, enklizif ak kredib.
Pandan vizit li nan Saint-Kitts-et-Nevis, li te rankontre plizyè responsab entènasyonal pou diskite sou koperasyon rejyonal, estabilizasyon Ayiti ak relans ekonomik.
Li anonse tou:
Plis pase 2 milyon dola Finland bay pou ede nan repons kriz imanitè a;
Diskisyon ak Otrich pou bay bous etid pou etidyan ayisyen;
Plan pou relouvri Anbasad Ayiti nan Kingston, Jamayik;
Koperasyon ranfòse kont trafik ilegal ak krim òganize.
Premye Minis la remèsye Etazini ak lòt patnè entènasyonal pou sipò yo nan mete sou pye Fòs Represyon Gang yo (FRG).
Li konkli pou di gouvènman an detèmine pou retabli sekirite, ranfòse konfyans popilasyon an epi mennen peyi a sou chemen devlopman dirab ak enklizif.