Daprè yon rapò Fondasyon Je Klere (FJKL), Leta ayisyen siyen depi 15 desanm 2025 yon kontra ki dire 50 lane ak konpayi Metric Facility S.A. pou konstriksyon ak jesyon twa prizon modèn nan Sous Matla (Akayè), Mòn Kas (Fòlibète) ak Paskwèt (Jakmèl), pou yon montan plis pase 85 milyon dola ameriken. Akò a prevwa Leta ap peye 22 dola pa jou pou chak prizonye epi garanti omwen 75% kapasite okipasyon sant detansyon yo. Nan menm rapò a, FJKL soulve kestyon sou transparans nan jesyon lajan piblik apre twa vèsman total 150 milyon goud otorite yo te otorize bay Université Quisqueya pandan ane 2025.
Yon rapò resan Fondasyon Je Klere (FJKL) mete limyè sou yon kontra enpòtan Leta ayisyen atravè Alix Didier Fils-Aimé siyen pou konstriksyon ak jesyon twa (3) nouvo etablisman penitansyè nan peyi a. Daprè dokiman òganizasyon dwa moun nan, kontra a te siyen 15 desanm 2025 ant Leta ayisyen ak konpayi Metric Facility S.A., pou yon dire 50 lane.
Twa prizon modèn prevwa nan twa depatman
Daprè akò a, konpayi an angaje li pou konsevwa, konstwi, prefinanse, opere epi antreteni twa sant detansyon modèn. Enfrastrikti penitansyè sa yo ta dwe bati nan Sous Matla (Akayè), Mòn Kas (Fòlibète) ak Paskwèt (Jakmèl).
Pri konstriksyon twa prizon sa yo estime a plis pase 85,4 milyon dola ameriken, san konte taks. Daprè FJKL, pwojè a antre nan yon modèl patenarya kote konpayi prive a responsab pou envestisman inisyal la ansanm ak jesyon enstalasyon yo pandan peryòd kontra a.
Angajman finansye Leta sou 50 lane
Rapò a presize Leta ayisyen pran plizyè angajman finansye nan kad kontra sa a. Pami prensipal dispozisyon yo, Leta ap gen pou peye 22 dola ameriken pa jou pou chak prizonye pandan tout dire kontra a, sa vle di pandan 50 ane.
Montan sa a kapab ajiste selon evolisyon enflasyon oswa kondisyon mache a. Anplis, menm si kantite prizonye yo pa rive nan kapasite total sant detansyon yo, Leta ap gen obligasyon pou garanti omwen 75% kapasite okipasyon chak prizon.
Kontra a prevwa tou 20 ane apre antre li an vigè, oswa lè li rive nan fen li, Leta ayisyen ap gen opsyon pou rachte enfrastrikti penitansyè yo nan men konpayi konsesyonè a.
FJKL souliye kessyon transparans sou lòt depans piblik
Nan menm rapò a, Fondasyon Je Klere fè konnen Premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, otorize twa vèsman 50 milyon goud chèk bay Université Quisqueya ant mwa me ak dawout 2025. Sa reprezante yon total 150 milyon goud.
Pou òganizasyon dwa moun nan, desizyon sa a leve kesyon sou transparans ak sou fason resous piblik yo ap itilize. FJKL fè remake pandan plizyè inivèsite piblik nan peyi a ap fonksyone nan kondisyon difisil, pafwa san enfrastrikti adekwa, finansman Leta kontinye ap oryante nan direksyon kèk enstitisyon prive.
Daprè obsèvasyon òganizasyon an, sitiyasyon sa a ka bay enpresyon resous Leta yo ap sikile plis nan sektè prive a, tandiske anpil enstitisyon piblik ap lite pou jwenn mwayen ki nesesè pou amelyore kalite fòmasyon yo.
Kontèks politik
FJKL raple tou pati politik Kongrè Patriyotik, ki dirije pa Jacky Lumarque, reprezante nan gouvènman an atravè pastè Vijonet Déméro, ki okipe pòs Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl.
Nan kontèks sa a, òganizasyon an estime li enpòtan pou gen plis klète ak plis mekanis kontwòl sou fason Leta ap jere lajan piblik yo, espesyalman nan moman kote plizyè sektè estratejik nan peyi a ap fè fas ak gwo difikilte finansye.