Nan kad 39èm konferans rejyonal FAO pou Amerik Latin ak Karayib la wikenn pase a, Prezidan Lula kritike ouvètman Nasyonzini ki pa poze okenn aksyon konkrè pou bloke gè yo nan mond lan malgre se misyon li, pandan li kritike Donald Trump ki, olye li ede mond lan soti nan grangou, men se elòj l ap fè pou gwo bato lagè ak gwo lame Etazini genyen.
Prezidan Lula te pran lapawòl, epi genyen pozisyonsa yo:
« Nasyonzini pèdi tout kredibilite li. Nasyonzini pa konprann sa ki ekri nan chat ki te kreye an 1945 la. Nasyonzini sede ak fatalite senyè lagè yo e pa bay espas ak senyè lapè yo. Poukisa Nasyonzini pa konvoke yon konferans mondyal pou diskite sou tout konfli sa yo ?
Yon lòt kote, Lula te pale tou de gè ant Larisi ak Ikrèn nan: » Poukisa lagè Larisi-Ikrèn nan deja gen 4 lane lè tout moun deja konnen kisa gè sa a pral bay ? Kiyès ki pa konnen kisa ki pral rive nan gè sa a ? Poutine pral rete ak sa li deja pran yo, Zelensky pral kontante l ak sa li pèdi yo epi finalman y ap jwenn yon akò. Si sa li ye, poukisa yo pa fè l tout senp ?
Prezidan Lula, pi lwen, pale ouvètman ak Donald Trump, ki pa sispann pwomote lagè nan mond lan: « Nou panse li nòmal pou prezidan Trump pa janm sispann ap di chak jou : Mwen genyen pi gwo bato mond lan. Mwen genyen pi gwo bato mond lan. Mwen genyen pi gwo lame nan mond lan. Poukisa li pa di pito : Mwen genyen pi gwo kapasite pou m pwodui aliman pou tout mond lan, mwen konn kouman pou m distribye manje. » Poukisa li pa pale konsa ? Se pa t ap pi senp, e sa t ap sonnen pi byen nan zòrèy nou.
Finalman, prezidan Lula deklare pwoblèm grangou nan mond lan lye dirèkteman ak tout dosye lagè sa yo.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE