Nan dat lendi 9 mas 2026, jij enstriksyon Jeudilien Fanfan prezante rapò siplemantè ankèt li sou dosye koripsyon ki gen rapò ak Caisse d’Assistance Sociale (CAS). Nan dokiman sa a, majistra a mande pou plizyè pèsonalite, pami yo ansyen direktè enstitisyon an, voye devan tribinal kriminèl k ap jije san asistans jiri.

Dapre rapò jij la, li bay lòd pou voye ansyen direktè CAS la, Edwine Tonton, devan tribinal kriminèl k ap jije san asistans jiri pou akizasyon pran enterè ilegal ak anrichisman ilisit.

Jij enstriksyon an fè konnen madanm Tonton te pran oswa te konsève enterè dirèk nan de (2) antrepriz komèsyal, PROMASA ak DELMAX DISTRIBUTION. Antrepriz sa yo te angaje nan vann materyèl elektwonik ak founiti biwo bay Leta ayisyen atravè Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal ansanm ak Ministè Komès ak Endistri.

Selon jij la, pratik sa yo antre nan kategori anrichisman ilisit, paske yo montre li te pran enterè ilegal nan tranzaksyon komèsyal ki te fèt ak Leta.

Se poutèt sa, devan tribinal kriminèl la, ansyen direktè a pral jije sou akizasyon pran enterè ilegal ak anrichisman ilisit, paske ankèt la revele egzistans endis ase, serye ak konkòdan ki kapab angaje responsabilite li nan zak sa yo.

Pwosedi a baze sou aplikasyon atik 5.2 ak 5.13 nan lwa 12 mas 2014 la, ki gen pou objektif prevansyon ak represyon koripsyon an Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841