Pwosè asasina Jovenel Moïse : Martine Moïse akize dirèkteman ansyen prezidan Michel Joseph Martelly ak ansyen Premye minis Ariel Henry. Pou dezyèm fwa yonn dèyè lòt, ansyèn premyè dam Martine Moïse te temwen mèkredi 11 mas 2026 la, nan kad pwosè federal kat (4) gason nan sid Florid ki akize yo te ede nan òkestre asasina mari li, ansyen prezidan Jovenel Moïse. Fwa sa a, Martine Moïse akize dirèkteman ansyen dirijan Michel Joseph Martelly ak Ariel Henry.

Martine Moïse, vèv ansyen prezidan Ayiti Jovenel Moïse, temwaye devan yon tribinal federal nan Miami kote kat (4) mesye akize ki te konplote asasina prezidan an ap jije. Pandan depozisyon li, li fè konnen moun ki te antre lakay li pou touye mari li yo t ap pale panyòl, yon eleman ki ranfòse teyori pwokirè ameriken yo ki di yon ekip mèsenè kolonbyen te patisipe nan operasyon an.
Martine Moïse idantifye de nan asasen yo kòm “Pipe” ak “Jefe”, epi li di yo te blese li epi touye mari li pandan yo t ap fouye chanm koup la pou jwenn yon dokiman li pa t kapab idantifye. Dapre pwokirè federal yo, nonm yo rele “Pipe” la ta dwe ansyen sòlda fòs espesyal kolonbyen Victor Albeiro Pineda Cardona, ki ta fè pati ekip mèsenè ki te patisipe nan atak la.

Nan dosye akizasyon an, pwokirè yo fè konnen kat (4) akize yo : Arcangel Pretel Ortiz, Antonio “Tony” Intriago, James Solages ak Walter Veintemilla te jwe wòl kle nan planifikasyon ak finansman operasyon an ki te fèt nan lannwit 7 jiyè 2021 lakay prezidan an nan Petyonvil, toupre Pòtoprens.

Temwen an rakonte li te ale dòmi anviwon 10è nan aswè 6 jiyè 2021, anvan li menm ak mari li reveye anviwon 1è nan maten lè yo tande kout zam k ap pete alantou kay la. Li di tirè yo te kontinye tire pandan prèske 45 minit anvan yon gwoup gason ame te kraze pòt chanm yo epi kòmanse tire.
Martine Moïse eksplike li te kouche atè pou chèche pwoteksyon pandan asasen yo t ap tire. Li di li te wè mari li blese grav pandan mesye yo t ap fouye chanm nan pou dokiman yo t ap chèche a.

Dapre temwayaj li, youn nan asasen yo te finalman tire sou prezidan an a bout anvan li pran yon foto.
Vèv la fè konnen li te fè kòmsi li mouri pou sove lavi li. Asasen yo te menm vire l sou do epi sèvi ak yon lanp pou verifye si li te mouri. Li te resevwa plizyè bal nan bra li, koud li, bounda li ak kwis li, pandan yon lòt bal te frape toupre poumon li. Li te sibi plizyè operasyon nan lopital Jackson Health System nan Miami apre atak la.

Nan temwayaj li tou, Martine Moïse kritike responsab sekirite prezidansyèl yo, li di yo pa t reponn lè mari li te rele yo pandan atak la. Li site non Dimitri Hérard, Jean Laguel Civil ak ansyen direktè jeneral Polis Nasyonal la Léon Charles, li di yo te responsab sekirite prezidan an nan moman an.

Pwosè a ap kontinye nan Miami pandan avoka defans yo ap eseye mete dout sou kèk detay nan temwayaj Martine Moïse. Sepandan, vèv ansyen prezidan an ensiste li pa chanje vèsyon li sou sa ki te pase nan lannwit trajik la.
Martine Moïse, ki ap viv Ozetazini depi lanmò mari li, deklare li toujou ap chèche jistis. Li fè konnen li pa retounen Ayiti paske li pè pou sekirite li, pandan li afime: “Mwen se yon viktim, e mwen vle verite ak jistis pou lanmò mari li.

Sous: jounal miami heralt

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841