Jounalis Emmanuel Taulème BRINA lanse yon gwo denonsyasyon apre atak ame ki te vize rezidans jounalis Marvel Dandin, Direktè Jeneral Radio Télévision Kiskeya, nan lannwit mèkredi 11 pou rive jedi 12 mas 2026 nan zòn metwopolitèn Pòtoprens.

Nan yon nòt pou laprès li siyen, Emmanuel Taulème BRINA kondane ak tout fòs li zak kriminèl sa a, li konsidere kòm yon atak grav kont yon jounalis, men tou kont libète laprès ak prensip demokrasi nan peyi a.

Dapre enfòmasyon Marvel Dandin bay, anviwon 12è30 nan mitan lannwit, yon gwoup anviwon sèt (7) endividi ame lou te antre nan lakou rezidans li ak entansyon pou antre andedan kay la. Bandi yo te premye eseye fòse pòt prensipal la, men yo pa t rive.

Apre sa, yo te dirije yo sou pòt chanm kote jounalis la te ye a. Devan rezistans pòt yo, endividi yo te sèvi ak yon nechèl pou eseye antre yon lòt kote nan kay la. Pandan atak la, plizyè kout zam te tire andedan rezidans lan, sa ki te kreye gwo panik pami moun ki te ladan l yo.
Apre ensidan an, yon jij de pè te deplase sou plas la pou fè konsta legal sou sa ki te pase.

Yon atak kont yon medya senbolik
Nan nòt li a, Emmanuel Taulème BRINA souliye Radio Télévision Kiskeya reprezante depi plizyè dizèn lane youn nan gwo senbòl demokrasi ayisyèn. Li raple medya sa a toujou pran pozisyon pou enfòme piblik la, analize lavi politik ak sosyal peyi a, epi denonse abi pouvwa oswa derive otoritè.

Selon li, nenpòt atak kont yon jounalis oswa yon medya se tou yon atak dirèk kont dwa popilasyon an genyen pou li enfòme.
Yon seri zak vyolans ki deja egziste.

Jounalis la fè sonje tou atak sa a pa premye zak vyolans ki vize Radio Télévision Kiskeya. Li raple nan tan pase, plizyè jounalis ki te gen rapò ak enstitisyon sa a deja asasinen.

Li site tou yon lòt ensidan ki te rive nan lannwit 30 novanm pou rive 1ye desanm 2015, lè kèk endividi ame te louvri kout zam sou lokal estasyon radyo a.

Kritik kont jesyon ensekirite a

Nan pozisyon li, Emmanuel Taulème BRINA denonse tou sa li rele inaksyon plizyè gouvènman ayisyen ki, dapre li, pa janm rive pran mezi serye pou konbat kriz ensekirite k ap ravaje peyi a.
Li adrese tou kritik kont gouvènman aktyèl la ki dirije pa premye minis Alix Didier Fils Aimé. Dapre li, malgre ogmantasyon atak ame, kidnapin ak lòt zak vyolans nan peyi a, okenn politik serye ak dirab poko mete an plas pou retabli otorite Leta ak pwoteje sitwayen yo.

Apèl pou ankèt ak solidarite

Pou fini, Emmanuel Taulème BRINA mande otorite ayisyen yo pou pran mezi rapid pou garanti sekirite jounalis yo epi mennen yon ankèt serye sou atak ki fèt kont rezidans Marvel Dandin.
Li mande tou pou responsab yo idantifye epi mennen devan lajistis pou mete fen nan klima enpinite ki kontinye domine nan peyi a.

Jounalis la pwofite eksprime solidarite li ak Marvel Dandin ansanm ak tout ekip Radio Télévision Kiskeya, ak tout jounalis ayisyen ki kontinye fè travay enfòmasyon an malgre menas ak danje yo ap fè fas chak jou.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841