Nan mond akademik ak entelektyèl la, gen kèk trajektwa ki depase senp reyalizasyon pèsonèl, yo vin tounen temwayaj vivan sou kapasite imen pou reziste, adapte epi transfòme rèv an pwojè kolektif. Se egzakteman sa ki soti nan konvèsasyon nou te genyen ak Kerna Merzier, prezantatris ribrik Lorizon San Fwontyè sou jounal Centre à la Une, ki sot ofisyèlman lisansye nan Relasyon Entènasyonal nan Universidad Abierta Interamericana (UAI) nan vil Rosario-Argentine, apre senk ane etid.

Dèyè diplòm sa a, se pa sèlman yon siksè akademik, se istwa yon jèn fanm ayisyèn ki te pote yon misyon: etidye pou mete konesans li nan sèvis devlopman peyi li ak kominote li. Nan entèvyou a, Kerna eksplike ke depi byen bonè nan lavi li, rèv li te toujou menm bagay, « aprann pou sèvi ». Pou li, etid pa t janm sèlman yon zouti pou amelyorasyon pèsonèl, men pito yon envestisman pou sosyete a. Si mwen aprann,” li di avèk anpil konviksyon, se pou m kapab kontribye. Yon peyi bezwen moun ki konprann mond lan pou yo ka ede l pran bon desizyon.”

Kerna se yon pitit vil Okay, nan sid Ayiti, yon vil ki gen yon gwo tradisyon entelektyèl ak kiltirèl. Men tankou anpil jèn ayisyen, chimen li pa t dwat. An 2017, li kite Ayiti ansanm ak yon gran sè li nan yon pwojè ki te prezante kòm yon bous etid pou ale nan Ajantin. Sepandan, lè yo rive sou tè Ajantin, reyalite a te diferan. Pwomès bous etid la pa t egziste jan yo te prezante l. Pou anpil moun, dezilizyon sa a ta sifi pou kraze rèv yo. Men pou Kerna, li te vin tounen yon pwen depa pou montre fòs detèminasyon li. Li sonje moman sa a kòm yon etap difisil men fòmatè. Nan tèt li, li te deja konnen li vle etidye swa medsin, swa relasyon entènasyonal.

Finalman, refleksyon sou kestyon mondyal, migrasyon, diplomasi ak devlopman te mennen li chwazi Relasyon Entènasyonal, yon disiplin ki pèmèt konprann relasyon ant peyi yo, mekanis pouvwa yo ak defi mondyal yo. Li enskri nan Universidad Abierta Interamericana (UAI) nan Rosario, yon vil ki gen yon plas espesyal nan imajinasyon mondyal la, paske se la Lionel Messi, youn nan pi gwo jwè foutbòl nan listwa, te fèt. Men pou Kerna, Rosario pa t sèlman vil Messi, li te vin tounen espas kote li te dwe rebati lavi li ak rèv li.

Premye ane yo pa t fasil ditou. Li te rive nan yon peyi kote li pa t pale espanyòl, kote klima a diferan anpil ak Ayiti, kote ritm lavi a ak referans kiltirèl yo pa menm. Se te yon veritab chòk adaptasyon. Ajoute sou sa, te gen kestyon lojman, kestyon finans, kestyon entegrasyon sosyal. Nan kèk moman, li menm li te konn mande tèt li: kisa egzakteman mwen vin chèche isit la? Men kestyon sa a pa t tounen dout, li te vin tounen fòs. Kerna te fè tout efò posib , komanse aprann lang pou premye kontak, ki pral pèfeksyone pandan tout pakou etid la jiskaske li alèz pou l entegre nan lavi akademik la, konprann sosyete Ajantin nan epi adapte ak reyalite nouvo lavi li.

Nan pwosesis adaptasyon sa a, li te konfwonte tou kèk eksperyans stigmatizasyon sosyal kòm fanm nwa, ayisyèn ak etranje. Gen moman kote li te santi yo mete l sou kote oswa evalye l selon prejije. Men li fè remake ke eksperyans sa yo pa defini tout sosyete Ajantin nan. Okontrè, li rekonèt ak anpil rekonesans sipò li te jwenn bò kote pwofesè li yo, kamarad klas li yo , kominote ki tap viv la ak direksyon inivèsite a.
Li mete aksan sou yon reyalite ki te frape l anpil, Argentine se yon peyi ki ofri aksè laj a sèvis piblik tankou edikasyon gratis ak swen sante, yon modèl sosyal ki pèmèt anpil jèn etidye san baryè ekonomik. Apre plizyè ane efò, disiplin ak sakrifis, Kerna rive nan etap enpòtan sa a« li vin lisansye nan Relasyon Entènasyonal » . Men pou li, diplòm sa a pa sèlman yon rezilta, li se yon zouti pou konprann ak analize mond lan.

Travay memwa li montre klèman angajman entelektyèl li. Tit memwa li a se : Kriz migratwa Ayisyen nan fontyè Meksik ak Etazini ant 2020 ak 2025. Nan rechèch sa a, li analize kestyon migrasyon ayisyen an, sitou mouvman migratwa ki mennen plizyè milye ayisyen rive nan fontyè ant Meksik ak Etazini pandan dènye ane yo. Travay sa a pa sèlman akademik, li se yon refleksyon sou dram imanitè, sou politik migrasyon ak sou plas Ayiti nan dinamik migratwa mondyal la. Pou Kerna, kesyon migrasyon ayisyen an pa yon sijè abstrè. Li se yon kestyon ki manyen lavi anpil fanmi, anpil jèn ak anpil rèv ki chèche yon avni miyò.

Apre lisans sa a, Kerna fè konnen li santi li pare ak disponib pou mete konesans li nan sèvis peyi li, pandan li kontinye ap pousuiv fòmasyon li. Pou li, devlopman Ayiti bezwen moun ki pa sèlman gen bon volonte, men ki gen konesans solid, kapasite analiz ak vizyon estratejik.
Nan refleksyon li, jenerasyon jèn ki ap etidye aletranje gen yon responsablite espesyal: pote tounen sa yo aprann kòm kapital entelektyèl pou peyi a.

Kerna Merzier jodi a se plis pase yon jèn diplome. Li se yon temwayaj vivan sou kapasite rèv pou travèse baryè lang, kilti ak difikilte sosyal. Nan vwa li, nou tande pa sèlman fyète yon reyalizasyon pèsonèl, men espwa yon jenerasyon ki kwè ke konesans se youn nan pi gwo zouti pou transfòme yon peyi.
Nan yon epòk kote anpil jèn santi yo dekouraje devan kriz ki frape Ayiti, trajektwa Kerna Merzier raple nou yon verite fondamantal, lè rèv rankontre detèminasyon, yo ka vin tounen fòs pou chanje desten yon pèp.

Entèvyou reyalize pa: Jean Launy Avril

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar