Tchad anonse li pral voye 750 militè an Ayiti nan mwa k ap vini yo pou entegre Fòs Represyon Gang (FRG).

Objektif deplwaman sa a se ranfòse batay kont gang ame k ap simen laterè nan peyi a.

Daprè enfòmasyon yo, premye gwoup la ap rive depi fen mwa mas 2026 ak anviwon 50 sòlda ki soti nan jeni militè (tankou elektrisyen, plonbye ak bòs chapant). Misyon prensipal yo se prepare teren an, sitou pou mete sou pye yon baz operasyonèl. Apre sa, nan fen mwa avril, anviwon 350 lòt militè pral deplwaye, tandiske rès kontenjan an ap rive nan mwa jen.

Operasyon an ap kowòdone pa yon estrikti espesyal nan ministè lame Tchad la ki responsab misyon aletranje, ki gen pou wòl sipèvize entèvansyon fòs sekirite yo deyò fwontyè peyi a.

Fòmasyon pou konba nan vil yo

Anvan deplwaman an, sòlda yo resevwa fòmasyon espesyal pou prepare yo pou konba nan zòn iben. Nan menm kad sa a, gen yon ekip ki pral avan an Ayiti pou etidye teren an epi evalye kondisyon sekirite yo.

Daprè sous ofisyèl, Tchad ap reponn ak apèl Nasyonzini ki ap sipòte ak sipèvize misyon FRG a, espesyalman sou plan lojistik.

Yon misyon miltinasyonal kont gang yo
FRG a se yon fòs miltinasyonal Nasyonzini otorize, ki te valide pa Konsèy Sekirite a nan fen ane 2025. Misyon li se mennen operasyon dirèk kont gang ame yo. Daprè planifikasyon an, anviwon 5,500 sòlda ak polisye pral operasyonèl sou tè ayisyen apati mwa avril 2026.

Malgre misyon an prevwa dire yon ane, dire prezans sòlda tchadyen yo poko klè.
Yon kriz sekirite ki dire depi lontan

Depi plizyè ane, Ayiti ap fè fas ak vyolans gang ki lakòz asasina, vyòl, piyaj ak kidnaping. Pou konbat sitiyasyon sa a, kominote entènasyonal la mete sou pye yon misyon miltinasyonal ki jwenn sipò Nasyonzini, ki te okòmansman dirije pa Kenya, pou ede lapolis ayisyen an. Sepandan, pandan lontan, misyon sa a te manke ase mwayen pou l te vrèman efikas.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841