Nan yon kontèks kote sistèm edikatif ayisyen an ap fè fas ak anpil difikilte estriktirèl, òganizasyon Edikasyon ak Devlopman d Ayiti (EDHA) lanse ofisyèlman aktivite li yo jou 21 mas 2026, nan Enstitisyon mixte Fernand Hibbert nan rejyon metropolitèn Pòtoprens. Inisyativ sa a mete dijitalizasyon lekòl yo nan sant refleksyon yo, ak objektif pou repanse fason ansèyman an fèt epi louvri nouvo opòtinite pou jèn yo.

Sistèm edikatif peyi a rive jounen jodi a nan yon pwen desizif. Se nan sans sa a EDHA chwazi adopte yon apwòch modèn ki chita sou inovasyon, kote teknoloji nimerik vin tounen yon priyorite.

Seremoni lansman an te reyini plizyè aktè nan sektè edikasyon an, tankou elèv, pwofesyonèl nan devlopman, ak lòt moun ki gen enterè, pou reflechi ansanm sou fason teknoloji kapab entegre nan ansèyman ann Ayiti.

Youn nan moman fò aktivite a se te yon konferans-deba ki te fèt sou tèm : “Dijitalizasyon sistèm lekòl ann Ayiti : defi ak opòtinite”. Se pwofesè Didier Pierre, yon espesyalis nan teknoloji edikatif epi direktè depatmantal adjwen edikasyon, ki te anime diskisyon an. Rankont sa a te pèmèt patisipan yo fè anpil echanj sou chanjman ki nesesè pou amelyore sistèm nan.

Pami sijè ki te sou tab la, te gen enpòtans teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon pou ansèyman (TICE), ansanm ak itilizasyon aprantisaj melanje (anliy ak an prezans) pou amelyore kalite edikasyon an. Entèvenan yo te mete aksan tou sou gwo defi ki rete pou leve, tankou aksè ak enfrastrikti nimerik, fòmasyon pwofesè yo, ak adaptasyon kontni pedagojik yo.

Nan pawòl li, direktè jeneral EDHA a, Madanm Hermionne Luc, te souliye ijans ki genyen pou fè tranzisyon sa a. Li deklare :
“Dijitalizasyon edikasyon an se yon nesesite jodi a pou garanti yon ansèyman ki pi enklizif, pi aksesib, epi ki mache ak reyalite mond modèn nan.”

Li pwofite reafime angajman òganizasyon an pou akonpaye lekòl yo nan chanjman sa a, pandan li mete devan deviz EDHA a : “Edike pou chanje yon lavi.”

Pou pati pa li, Adams J. Ledix, CEO ak fondatè EDHA, prezante gwo liy pwojè a. Li fè konnen EDHA pral ofri jèn ayisyen yo fòmasyon gratis nan plizyè domèn tankou pwogramasyon, robotik, entèlijans atifisyèl, kreyativite dijital ak antreprenarya teknolojik. Li ajoute tou pwojè a gen pou objektif modènize sistèm edikatif la atravè yon zouti ki rele SYGECO.

Daprè li : “San yon edikasyon modèn ak san opòtinite pou jèn yo, Ayiti pa gen avni. Lansman sa a se yon apèl pou nou tout mete men ansanm pou konstwi yon pi bon demen.”
Inisyativ sa a pa limite ak pawòl sèlman. Li vize pote solisyon konkrè pou rann konpetans nimerik yo pi aksesib pou tout moun, epi ankouraje yon jenerasyon ki kapab adapte li ak chanjman teknolojik k ap fèt atravè lemond.

Seremoni an te fini ak yon moman rekonesans kote plizyè pèsonalite te resevwa onè pou kontribisyon yo nan devlopman kominote a.
Pou byen estriktire aksyon li yo, EDHA konte sou yon ekip dirijan ki gen pwofesyonèl angaje ladan l : Adams J. Ledix (CEO & Fondatè), Marchegianie Pierre (COO & Ko-fondatè), Hermionne Luc (Direktris EDHA Ayiti), Sarah Romelune Pel Octelus (Responsab Kominikasyon), Ledix Rose Phernande (Asistan Kominikasyon), Quincy Attilus (Direktè EDHA Sante) ak Adolphe Frantzley (Direktè Teknoloji ak Sistèm).

Nan yon epòk kote teknoloji ap chanje fason moun aprann, inisyativ EDHA a vin poze premye baz pou yon transfòmasyon ki t ap tann depi lontan nan sistèm edikatif ayisyen an. Kounye a, pi gwo defi a rete nan mete vizyon sa a an aplikasyon atravè aksyon dirab ki kapab mennen edikasyon ann Ayiti sou wout pwogrè ak inovasyon.

Pa : Carlos Perez Valdano SYLVEUS

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841