Minis Defans lan, Mario Andrésol, fè yon vizit enpòtan jedi 26 mas 2026 la nan baz Vètyè Fòs Ame d Ayiti (FAD’H) ki chita nan Tabarre, nan lide pou evalye nivo preparasyon twoup yo anvan yo vin totalman operasyonèl.

Pandan vizit sa a, minis la anonse pwogram pou mete an aplikasyon yon nouvo doktrin militè ki vize bay plis estrikti ak efikasite nan aksyon FAD’H yo. Daprè li, nouvo oryantasyon sa a ap pèmèt fòs ame yo pi byen òganize entèvansyon yo nan kontèks sekirite ki difisil peyi a ap travèse.

Nan menm dinamik la, pwomosyon “François Makandal”, ki sou pwen sòti, pral konstitiye premye inite atak la. Inite sa a gen pou misyon patisipe dirèkteman nan operasyon ofansif kont gwoup ame k ap simen latwoublay nan plizyè zòn nan peyi a.

Minis Mario Andrésol fè konnen tou li ap travay pou elaji wòl FAD’H yo sou teren konba a, espesyalman nan yon moman kote kriz sekirite a kontinye ap vin pi grav.

Anplis de sa, li prevwa fòmasyon anviwon 1 200 nouvo sòlda nan twa (3) mwa kap vini yo. Fòmasyon sa yo ap fèt nan baz Vètyè ak nan baz Anakaona ki nan Leyogàn. Objektif la se ranfòse kapasite operasyonèl lame a epi ogmante prezans li sou teren an.

Demach sa a antre nan yon estrateji global ki vize bay FAD’H yo plis mwayen pou yo ka reponn ak defi sekirite peyi a ap fè fas jounen jodi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841