Gouvènman ayisyen an anonse li depoze ofisyèlman dosye « Savoir-faire du Tracé-Vèvè » devan UNESCO, nan objektif pou fè li antre sou lis reprezantatif Eritaj Kiltirèl Imateryèl Limanite.
Dapre yon kominike ki soti jodi a, 26 mas 2026, se atravè Ministè Kilti ak Kominikasyon (MCC) ansanm ak Ministè Afè Etranjè ak Kilt (MAEC) demach sa a fèt. Otorite yo mete aksan sou enpòtans trasè vèvè a kòm yon eleman fondamantal nan kilti ak idantite pèp ayisyen an.
Trase Vèvè a, ki se yon atizay ritèl ki gen rasin li nan vodou ayisyen, deja anrejistre nan Rejis nasyonal eritaj kiltirèl imateryèl depi lane 2019. Li sèvi kòm yon mwayen pou transmèt senbòl, konesans ak memwa kiltirèl de jenerasyon an jenerasyon, pandan li montre richès kreyativite pèp la.
Ministè Kilti ak Kominikasyon ansanm ak Ministè Afè Etranjè ak Kilt souliye inisyativ sa a antre nan kad diplomasi kiltirèl peyi a, epi li vize fè plis moun atravè lemond rekonèt valè eritaj ayisyen an.
Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé salye demach la, pandan li ankouraje tout aktè ki enplike yo kontinye travay pou pwoteksyon ak valorizasyon patrimwàn kiltirèl imateryèl peyi a. Li re-afime tou angajman Leta ayisyen pou konsève epi fè briye richès kiltirèl Ayiti sou sèn entènasyonal la