Sèvis dyaliz Lopital OFATMA Okay la pral pran yon nouvo dimansyon aprè resepsyon yon lo ekipman medikal ki soti Etazini. Don sa a rive nan yon moman kote bezwen nan swen espesyalize yo rete ijan nan depatman Sid la.

Inisyativ sa a vin reyalize aprè plizyè demach Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, te antreprann ak donatè ameriken selon sa nou li nan yon kominike biwo kominikasyon OFATMA pibliye jedi 26 mas 2026. Pilwen yo di se nan kad kolaborasyon ant Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) ak OFATMA, ekipman yo te resevwa ofisyèlman jedi saa.

Pami materyèl yo, gen plizyè machin dyaliz ki pral pèmèt lopital la amelyore kapasite li pou pran swen pasyan k ap soufri maladi ren, yon pwoblèm ki afekte anpil moun nan rejyon an.

Don sa a soti bò kote Scott Martin, yon patnè ameriken ki gen bon relasyon depi lontan ak aktè ekonomik ayisyen yo. Li gen lyen solid ak Ayiti, sitou atravè kolaborasyon li ak antreprenè Franck Léger, ki kontinye devlope aktivite fanmi li nan pwodiksyon ak ekspòtasyon vetivè.

Kominike a fè konnen se sou enstriksyon Chèf Gouvènman an, yon delegasyon OFATMA ki te dirije pa Direktè Jeneral la, enjenyè-agwonòm Vikerson Garnier, te deplase Okay pou resevwa ekipman yo ofisyèlman.

Nan deklarasyon li, DG Vikerson Garnier fè konnen enstalasyon nouvo machin sa yo pral gen yon gwo enpak sou sèvis lopital la.
“Machin dyaliz sa yo ap ranfòse kapasite nou pou pran swen pasyan yo nan Sid la. OFATMA angaje l pou mete yo an fonksyonman rapidman pou benefis moun ki bezwen yo,” se sa li te deklare.

Aksyon sa a antre nan yon vizyon nasyonal ki vize amelyore kalite sèvis lopital yo, diminye inegalite nan aksè ak swen sante, epi pote solisyon konkrè pou ijans sanitè peyi a ap fè fas, espesyalman pou moun ki soufri ensifizans ren.
Atravè MSPP ak OFATMA, Leta ayisyen montre detèminasyon li pou kontinye chèche patenarya serye sou plan entènasyonal, nan objektif pou bay rezilta konkrè ki ka amelyore lavi popilasyon an.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841