Nan kad selebrasyon Jounen Mondyal Dlo, Direksyon Jeneral DINEPA, anba lidèchip Direktè Jeneral la, enjenyè Théophil Ostinvil, lanse yon seri aktivite nan Depatman Sant lan pou ranfòse sèvis dlo potab atravè rejyon an.
Aktivite sa yo, ki te dewoule nan dat 26 mas, make yon etap enpòtan nan volonte enstitisyon an pou amelyore aksè ak dlo potab ak bon jan sèvis piblik pou popilasyon an.

Nan premye tan, Direktè Jeneral la ansanm ak ekip teknik li te fè yon rankont ak antrepriz ki responsab konstriksyon batiman administratif OREPA Sant lan. Dapre konsta yo, pwojè a ap fè fas ak yon reta ki evalye a plis pase 36 mwa. Otorite yo ensiste sou nesesite pou akselere travay yo pou mete enfrastrikti sa a disponib pou sèvis piblik la pi vit posib.

Nan menm lojik la, enjenyè Ostinvil te patisipe nan yon rankont estratejik ak otorite depatmantal, lokal, ansanm ak reprezantan sosyete sivil nan komin Hinche.

Diskisyon yo te santre sou pwojè dlo k ap egzekite nan zòn nan ak mezi ki dwe pran pou amelyore jesyon ak efikasite sèvis yo. Plizyè desizyon enpòtan deja adopte pou asire travay yo abouti jan sa dwe fèt.

Pou fini jounen an, Direksyon Jeneral DINEPA ranfòse kapasite operasyonèl biwo rejyonal Sant lan avèk livrezon plis pase 9 machin nèf ak anviwon yon douzèn motosiklèt. Ekipman sa yo gen pou objektif ogmante mobilite ak efikasite entèvansyon teknik nan tout depatman an.

Atravè demach sa yo, Direktè Jeneral la reafime angajman li pou transfòme sektè dlo potab la nan peyi a, sou baz twa gwo aks estratejik: bon gouvènans sektè a, devlopman enfrastrikti yo, ak rechèch otonomi finansyè pou DINEPA.

Inisyativ sa yo demontre volonte klè enstitisyon an pou bay popilasyon an sèvis dlo ki pi aksesib, pi efikas, epi dirab.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841