Nan Ateneo de Madrid, Jedi 27 Mas 2026 la se lansman ofisyèl Zanmi Ayiti.E.S ki make yon etap enpòtan nan òganizasyon dyaspora Ayisyèn nan alantou kestyon edikasyon ak avni jenès la.

Nan yon moman kote kestyon sou avni jenès ayisyèn nan vin pi ijan pase tout tan, gen inisyativ ki parèt kòm repons klè ak angajman solid pou trase yon lòt chemen. Se nan sans sa a nou konprann nesans Zanmi Ayiti.E.S, yon pwojè ki pa sòti nan aza, men ki pran rasin nan eksperyans, vizyon ak detèminasyon yon nonm ki pase plis pase 30 lane ap viv nan peyi Lespay, Dr. Wooby Jacques Oreste. Atravè fè chemen pèsonèl li, li rive konprann an pwofondè reyalite dyaspora a, difikilte entegrasyon, men tou potansyèl ekstraòdinè jèn ayisyen k ap chèche bati lavi yo aletranje.


Se pa sèlman yon fondasyon li mete sou pye, men yon estrikti reflechi ki pote anbisyon pou òganize, akonpaye epi valorize jenerasyon sa a. Inisyativ sa a tradui yon konviksyon pwofon: si dyaspora a byen òganize, li kapab vin yon fòs estratejik nan konstriksyon Ayiti demen. Konsa, Zanmi Ayiti.E.S pa limite tèt li nan yon jès solidarite, men li vin kòm yon demach vizyonè ki chèche konekte eksperyans entènasyonal ak bezwen reyèl peyi a, nan yon lojik responsablite kolektif ak angajman dirab.

Zanmi Ayiti.E.S se yon asosyasyon ki angaje nan sipò, oryantasyon ak akonpayman etidyan ayisyen k ap viv aletranje. Li gen pou misyon fasilite entegrasyon akademik, sosyal ak pwofesyonèl yo, pandan li ankouraje solidarite nan dyaspora a ak valorize potansyèl jèn ayisyen yo kòm aktè kle nan devlopman peyi a. Atravè rezo li yo ak aksyon konkrè, òganizasyon an travay pou kreye opòtinite, pataje konesans epi bati yon pon dirab ant fòmasyon entènasyonal ak avni Ayiti.


Depi lontan, nou konn pale de « fuite des cerveaux » kòm yon trajedi nasyonal. Men kestyon an pa dwe sèlman poukisa yo pati, men kisa nou fè ak yo pandan yo deyò a. Se la fondasyon sa a pran tout sans li. Li chanje paradigm nan. Li pa wè dyaspora a kòm yon pèt, men kòm yon kapital. Yon kapital imen, entelektyèl ak estratejik ki kapab, si li byen òganize, pote yon souf nouvo nan refleksyon sou devlopman Ayiti. Nan sans sa a, Zanmi Ayiti.E.S vin tankou yon laboratwa ide ak aksyon, kote eksperyans entènasyonal yo ka vin sèvi kòm zouti transfòmasyon.


Lansman ofisyèl fondasyon an nan Ateneo de Madrid pa yon detay senbolik. Li enskri pwojè a nan yon espas entènasyonal, yon espas kote diskou sou edikasyon, koperasyon ak devlopman ap jwe sou yon lòt nivo. Prezans pèsonalite diplomatik ak akademik e otorite lokal pandan evènman sa a montre klèman ke kestyon edikasyon ayisyèn nan pa rete yon kestyon lokal sèlman, li vin tounen yon kestyon mondyal, ki mande patenarya, vizyon ak lidèchip.


Men plis pase tout bagay, fondasyon sa a poze yon kestyon moral ak politik: kiyès ki responsab avni Ayiti? Èske se sèlman Leta? Èske se kominote entènasyonal la? Oswa èske se chak Ayisyen, kèlkeswa kote li ye, ki dwe pran pati li nan batay sa a? Zanmi Ayiti.E.S reponn kestyon sa a ak yon apèl klè: « responsablite a kolektif. E nan kolektivite sa a, jèn yo pa dwe rete sou kote; yo dwe vin motè chanjman an. » Nan yon peyi kote anpil diskou fin pèdi kredibilite yo, kote pwomès politik souvan rete san reyalizasyon, fòk nou aprann rekonèt inisyativ ki pote yon lojik diferan. Paske wi, Ayiti pa sèlman bezwen lajan, li bezwen estrikti. Li pa sèlman bezwen asistans, li bezwen vizyon. Li pa sèlman bezwen kritik, li bezwen aksyon. E se nan espas sa a fondasyon Zanmi Ayiti.E.S ap eseye enskri tèt li.


Jodi a, kestyon an pa si pwojè sa a enpòtan. Li deja pwouve li enpòtan. Vrè kestyon an se: èske nou pare pou sipòte li? Èske nou pare pou depase endiferans nou? Èske nou pare pou envesti nan sa ki ka bay rezilta sou tèm long la? Paske nan dènye analiz la, avni yon peyi pa konstwi ak pawòl sèlman, men ak desizyon kolektif ki pran kouraj.


Zanmi Ayiti.E.S pa yon mirak. Men li kapab yon kòmansman. Yon kòmansman serye, estriktire, ak potansyèl pou grandi. E nan yon kontèks kote espwa souvan parèt kòm yon liks, chak inisyativ konsa vin tounen yon nesesite.
Se pou sa, plis pase yon fondasyon, se yon apèl.


Yon apèl pou angajman.
Yon apèl pou responsabilite.
Yon apèl pou kwè ke, menm nan mitan kriz, Ayiti ka toujou leve, si pitit li yo deside leve ansanm.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik ak metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun ak demokrati .Nou se konsiltan plizyè medya entènasyonal nan kad dosye Ayiti yo . Aktivman angaje nan rechèch nan domèn istwa entènasyonal, jeyopolitik e konfli pi presizeman istwa kontanporèn nan '"Nantes Université'" peyi LaFrans. Apwòch nou yo entèdisiplinè ki konbine metodoloji syantifik, kritik achiv ak refleksyon sou memwa kolektif. Nou se manm fondatè et Direktè jeneral jounal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar