Minis Defans lan, Mario Andrésol, fè yon deplasman jedi 2 avril 2026 la nan Plato Santral pou evalye sitiyasyon sekirite a nan yon rejyon kote tansyon yo ap ogmante. Li te akonpaye ak responsab depatmantal Defans lan, Ronald Bosquet, ansanm ak kòmandan Kò Jeni a, majò Myrlange Sainvyl.

Nan kad vizit sa a, minis la te vizite plizyè zòn sansib, tankou Wozo Plaza ki sèvi kòm sant operasyon. Li te rankontre direktè depatmantal Polis la, Mackentzie Jacques. Apre sa, li te ale nan ansyen kazèn Pelig, yon espas otorite yo prevwa reyabilite pou ranfòse prezans fòs sekirite yo epi amelyore pwoteksyon baraj idwoelektrik la.

Yon reyinyon travay te òganize tou ak otorite lokal yo sou kesyon sekirite nan Mibalè ak Sodo. Pandan rankont sa a, patisipan yo te mete aksan sou enpòtans pou amelyore kowòdinasyon ant diferan fòs ki sou teren an, epi ranfòse mezi sekirite ki deja anplas yo.

Minis la fè konnen gen posibilite pou voye plis sòlda nan zòn sa yo.
Anplis, yon premye gwoup militè ap deplwaye apati lendi k ap vini an pou vin sipòte zòn lapolis deja ap kontwole yo. Otorite yo anonse tou, anvan fen mwa avril la, plizyè santèn militè pral mobilize pou ranfòse sekirite nan rejyon an.
N ap siyale Minis defans lan, MarioAndrésol anonse 400 militè FADH pral deplwaye nan zòn kote bandi yo okipe pou kapab goumen bò kote lapolis nan batay kont ensekirite a anndan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841