Direktè Jeneral Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA), enjenyè-agwonòm Vikerson Garnier, lanse yon nouvo dinamik nan jesyon enstitisyon an ak enstalasyon kat (4) nouvo kad nan pòs estratejik.
Seremoni ofisyèl la te fèt jedi 9 avril 2026 nan prezans Chèf Kabinè li, Abel Descolines.

Selon sa nou li nan kominike enstitisyon rann piblik, yo di demach sa a make volonte direksyon jeneral la pou modènize estrikti jesyon an pandan li mete plis valè sou konpetans ki deja egziste anndan enstitisyon an.

Nan kad chanjman sa yo, Mesye Delatour Pierresaint Gilles pran tèt Direksyon Kowòdinasyon Direksyon Depatmantal yo, yon pòs kle pou asire bon fonksyònman aktivite OFATMA sou tout teritwa nasyonal la.
Doktè Jacques Dulaurier, bò kote pa li, vin dirije Direksyon Etablisman Swen Sante yo, yon branch enpòtan nan misyon OFATMA ki gen pou wè ak pwoteksyon sante asire yo.
Pou pati pa li, Mesye Aldolphe Valdimy resevwa responsablite pou dirije Direksyon Sekirite Sosyal la, ki jwe yon wòl santral nan sèvis OFATMA bay travayè ki asire yo chak jou.Nan menm mouvman an, Mesye Geraldo Bellot jwenn yon pwomosyon kòm Asistan Direktè Resous Imèn, yon rekonesans pou travay li ak angajman li montre pandan plizyè ane nan enstitisyon an.

*Yon mesaj klè sou angajman ak responsabilite*

Nan fen seremoni an, Direktè Jeneral la te voye yon mesaj fèm bay ekip li yo, kote li ensiste sou nesesite pou gen plis disiplin, rigè ak sans responsabilite nan travay la.
« OFATMA bezwen kad ki angaje, ki serye, epi ki konprann responsablite yo genyen anvè travayè nou ap sèvi yo », se sa Vikerson Garnier fè konnen.

Li pwofite tou reyafime detèminasyon li pou mete sou pye yon ekip dirijan solid, ki kapab reponn ak anbisyon enstitisyon an epi satisfè bezwen popilasyon an.

Avèk nouvo dispozisyon sa yo, direksyon jeneral OFATMA a parèt detèmine pou bay enstitisyon an yon nouvo souf, pandan li chèche amelyore kalite sèvis yo bay asire yo atravè peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841