Nan kad yon seyans travay ki te reyini otorite Leta ak responsab Konsèy Elektoral Pwovizwa (CEP) jedi 10 avril 2025, plizyè kesyon enpòtan sou pwosesis elektoral la te abòde. Pami pwen ki te diskite yo, te genyen amonizasyon dekrè elektoral 1ye desanm 2025 la ak Pak Nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo, ansanm ak kesyon bidjè elektoral la ak kalandriye a.

Dapre yon kominike ki pibliye apre reyinyon an, Primati ak CEP angaje yo pou kontinye diskisyon yo, nan lide pou mete ansanm tout kondisyon ki nesesè pou pèmèt pwosesis elektoral la kontinye avanse.

Pou pati pa li, Primati a fè konnen nan pwòp kominike pa li ke nan fen echanj yo, te gen yon konvèjans klè ant gouvènman an ak CEP. Tou de enstitisyon yo dakò sou yon menm priyorite : òganize eleksyon demokratik, enklizif ak kredib nan pi kout tan posib, pandan y ap asire transparans, sekirite ak patisipasyon tout sitwayen yo.

Nan yon lòt kominike li te pibliye mèkredi, CEP te enfòme popilasyon an an jeneral ak aktè politik yo an patikilye sou piblikasyon, nan dat 24 mas 2026, yon arete ki te pran an Konsèy minis. Arete sa a pote chanjman sou atik 3 arete 18 septanm 2024 la ki te nonmen manm CEP yo epi fikse manda yo.

Nouvo dispozisyon sa a mande CEP pou li pran tout mezi ki nesesè pou aplike atik 12 ak 14 Pak Nasyonal pou estabilite ak òganizasyon eleksyon yo. Dapre CEP, demach sa a gen gwo enpak sou kalandriye elektoral la.
Se nan menm sans sa a, CEP anonse ranvwa operasyon enskripsyon elektè yo ansanm ak anrejistreman kandida yo, ki te prevwa pou fèt respektivman 1ye ak 13 avril 2026.

Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841